Men sa w dwe konnen si w rate odyans ou nan tribinal imigrasyon:
- Rate oswa rive an reta nan yon odyans tribinal ka lakòz yon lòd depòtasyon
- Pa gen okenn apèl kont yon lòd depòtasyon nan absans ou, men, nan kèk sikonstans, ou kapab depoze yon Mosyon pou Reouvèti avan 180 jou.
- Ou dwe depoze Yon Mosyon pou Reouvèti nan menm tribinal kote jij la te bay lòd depòtasyon an.
- Imigran yo ka jwenn dat odyans tribinal yo lè yo rele sistèm enfòmasyon otomatik pou dosye EOIR yo nan nimewo 800-898-7180 oswa yo kapab tcheke sit entènèt la.
Tout nouvèl sou depòtasyon k ap sikile sou entènèt la kreye gwo konfizyon lakay imigran ki gen randevou nan tribinal. Gen kèk moun ki di Documented yo tande ICE ap arete moun lè yo rive nan tribinal. Se pou sa, yo pè ale nan odyans yo paske yo panse y ap tou depòte yo.
Lè yon imigran ki gen dosye l k ap trete rate yon odyans tribinal, sa kapab gen konsekans grav. Jij la ka konsidere absans li kòm yon mank koperasyon. Sa kapab lakòz li bay yon lòd depòtasyon pou yo arete epi depòte moun ki nan pwosedi depòtasyon yo.
Kisa sa vle di lè yo bay lòd depòtasyon “an absans”?
Si w pa prezante w oswa ou rive an reta nan yon odyans tribinal imigrasyon, sa ka lakòz jij la bay lòd pou yo depòte w “an absans” ou, sa ki vle di dèyè do w.
“Jij la konsidere ou abandone dosye w la epi ou pa enterese prezante okenn defans oswa goumen pou w rete Etazini.” Se sa Jodi Ziesemer, ki se direktè Inite Pwoteksyon Imigran nan NYLAG, di. “Sa ap redui opsyon ou genyen pou w pwoteje tèt ou pou w rete Etazini.”
Èske m ka fè apèl kont yon lòd depòtasyon an absans?
Pa gen posibilite pou w fè apèl kont yon lòd depòtasyon jij la bay an absans. Ziesemer eksplike, gen yon peryòd limite pou w depoze yon mosyon pou relouvri dosye w la akòz sikonstans eksepsyonèl. “Ou gen yon peryòd 180 jou oswa 6 mwa pou w depoze [yon mosyon pou relouvri] epi diskite poukisa yo dwe rekonsidere dosye w la epi remete l aktif nan tribinal la.”
Ziesemer fè konnen, apre yon moun fin rate yon odyans, ICE kapab arete l epi depòte l nenpòt ki lè. “Pa gen okenn pwoteksyon si w rate yon odyans sof si ou soumèt yon eksplikasyon alekri, epi yon jij detèmine ou kalifye pou padon.”
Kisa yon mosyon pou reouvèti ye?
Lè yon jij imigrasyon bay yon lòd an absans, yon Mosyon pou Reouvèti pèmèt moun nan prezante rezon valab oswa prèv pou relouvri dosye a epi anile lòd depòtasyon an. Prèv yo kapab si moun nan pa t resevwa avi odyans lan oswa sikonstans grav—tankou si l te viktim vyolans ekstrèm, maladi, oswa lanmò yon manm fanmi l—te anpeche l prezante w nan tribinal.
Mosyon pou Reouvèti a se yon dokiman ekri ki enprime, delivre epi depoze nan menm tribinal ki te bay lòd depòtasyon an absans lan. Yo pa ka depòte yon moun yon fwa li soumèt yon Mosyon pou Reouvèti epi l ap tann desizyon jij la. Pou w jwenn adrès tribinal la rele sistèm enfòmasyon otomatik sou dosye EOIR yo nan 800-898-7180.
Depatman Jistis gen yon gid ki detaye etap pa etap kijan ak ki kote pou w depoze yon “Mosyon pou reouvèti yon lòd depòtasyon an absans.” Dokiman an di w ki enfòmasyon ki dwe mete, tankou non w, adrès ou, prèv ki jistifye poukisa w rate odyans tribinal la, ak plis ankò.
Pwogram asistans legal CUNY Citizenship Now! ofri sèvis gratis e konfidansyèl pou depoze yon Mosyon pou Reouvèti.
Kouman mwen ka tcheke dat odyans tribinal imigrasyon mwen an?
Yon moun ka jwenn dat ak adrès odyans tribinal li lè li mete Nimewo Alien li nan lyen Enfòmasyon Otomatik EOIR la oswa lè li rele 1(800)898-7180.
Ziesemer di si sit la pa bay okenn enfòmasyon, gen plizyè rezon ki ka fè nimewo Alien nan pa nan sistèm nan. Pa egzanp, dosye a ka pa anrejistre nan sistèm tribinal la, oubyen otorite imigrasyon yo gen dwa pa konnen moun nan. Ziesemer rekòmande pou moun yo konsilte yon avoka imigrasyon ki kapab konseye yo sou opsyon ki disponib pou yo.