Enfòmasyon ou dwe konnen sou reyinyon paran ak pwofesè yo:
- Se yon reyinyon ak pwofesè pitit ou pou w diskite sou nòt ak mwayèn, konpòtman ak pwogrè.
- Yo ede w sipòte aprantisaj pitit ou lakay ou epi ranfòse lyen ak lekòl la.
- Ou ka mande yon entèprèt, epi lekòl yo pa gen dwa poze w kesyon sou estati imigrasyon w ni nimewo sekirite sosyal ou.
- Asire w gen kesyon pou w poze, pataje enfòmasyon ki enpòtan, epi rete an kontak ak pwofesè a apre reyinyon an.
Reyinyon paran ak pwofesè yo (PTC) se yon bèl opòtinite pou w konekte ak pwofesè pitit ou epi patisipe nan edikasyon l. Kit se nan kòmansman ane lekòl la oswa pandan kontwòl nan mitan ane a, yon ti planifikasyon ka fè reyinyon sa yo vin pi pwodiktif. Men kijan pou w pwofite PTC yo epi ranfòse kominikasyon regilye ant lekòl ak fanmi elèv la.
Kisa yon rankont paran-pwofesè (PTC) ye ?
PTC vle di «parent-teacher conference» «reyinyon paran pwofesè», sa vle di yon rankont kote ou rankontre pwofesè pitit ou. Se yon okazyon pou pwofesè yo pale sou nòt pitit ou, konpòtman li, ak pwogrè an jeneral li, epi yo ka ba ou konsèy sou kijan pou w ede l aprann nan kay la.
Rankont yo ka fèt an pèsòn oswa sou entènèt, epi yo ka dire ant 15 minit rive 1 èdtan.
Anjeneral, pwofesè yo rele oswa voye mesaj yon semèn alavans pou pran yon randevou ki bon pou ou.
Ou gen dwa patisipe nan rankont sa a nan lang ou pale a. Pa egzanp, si lang ou se espanyòl, lekòl la dwe jwenn yon entèprèt pou ou.
Ou kapab mande sèvis sa a nan plizyè fason :
- Ranpli fòmilè demann tradiksyon IEP a sou entènèt epi remèt li nan lekòl pitit ou.
- Voye yon imèl nan Hello@schools.nyc.gov pou di ou bezwen yon entèprèt.
- Rele nan (718) 935-2013 epi di ou bezwen yon entèprèt.
Enpòtan: Lekòl piblik yo pa gen dwa mande w nimewo sekirite sosyal ou ni tou egzije ou dwe genyen yon sètifika nesans ameriken. Sa vle di estati imigrasyon w pa gen okenn enpak sou dwa w ou kòm paran, epi yo pap janm mande w enfòmasyon sa yo.
Kijan pou w prepare w pou yon rankont paran-pwofesè
Pou w pwofite rankont ou ak pwofesè pitit ou a, gen plizyè bagay ou ka fè anvan, pandan, ak aprè diskisyon an.
Anvan rankont lan:
- Pale ak pitit ou sou kijan bagay yo ap mache nan lekòl la. Mande l ki matyè li pi renmen, epi si gen difikilte li genyen.
- Mande l si gen kesyon li ta renmen poze pwofesè a.
- Ekri yon lis kesyon pou pwofesè a, ki genyen tou sa pitit ou panse ak enkyetid ou kòm paran. Kèk egzanp kesyon: Kijan ou wè pitit mwen ap travay nan klas la? Èske li patisipe nan aktivite klas yo? Kijan li kominike ak kamarad li yo? Kisa m ka fè lakay pou patisipe nan aprantisaj li?
- Pa bliye rankont lan se yon echanj. Prepare kèk enfòmasyon ou ta renmen pwofesè a konnen sou pitit ou a tou.
- Ekri kontak ou epi remèt pwofesè a li nan rankont nan.
Pandan rankont lan:
- Poze kesyon ki pi enpòtan yo an premye, pou si tan an pa ta ase pou plis kesyon.
- Pa ezite mande pwofesè a klarifikasyon oswa plis eksplikasyon si ou pa konprann yon bagay.
- Ou ka pataje nenpòt enfòmasyon sou sitiyasyon fanmi an ki ka gen enpak sou aprantisaj pitit ou, tankou yon ka lanmò nan fanmi an, yon divòs, oswa pwoblèm kay.
Apre rankont lan:
- Rakonte pitit ou kijan rankont lan te pase ak sa ou aprann sou pwogrè li nan lekòl la.
- Kòmanse aplike plan ou te mete an plas ak pwofesè a, tankou èd an plis pou devwa oswa lòt estrateji pou soutni konpòtman ak aprantisaj elèv la.
- Voye yon mesaj, yon imèl oswa fè yon apèl pou remèsye pwofesè a epi pou w klè sou pwen ou pa t twò konprann pandan rankont lan.
- Rete an kontak ak pwofesè a, epi pa ezite pran lòt randevou si sa nesesè.
- Si ou menm ak pwofesè a pa rive jwenn yon solisyon, kontakte lòt pèsonèl lekòl la pou èd, tankou konseye pedagojik la, direktè lekòl la, oswa kowòdonatè paran.
- Toujou mete kontak ou ajou. Fè lekòl la konnen si nimewo telefòn, adrès oswa imèl ou chanje.
Men yon fich preparasyon ou ka telechaje epi ranpli avan rankont lan.
Fomilè preparasyon pou rankont paran-pwofesè
| Dat/lè rankont lan | Chwazi kijan w vle fè rankont lan: An pèsòn Nan telefòn Nan videyo |
| Demann entèprèt? Nan ki lang?: | Konfime avèk: |
| 3 kesyon pi enpòtan yo: | |
| 1 | |
| 2 | |
| 3 | |
| Rekòmandasyon pwofesè a: | |
| Pratik lakay elèv la: | (chak kilè?) |
| Sipò lekòl la: | (kilè/kijan) |
| Dat pou fè suivi: | |
| Kontak pou fè suivi: | |
| Imèl ak telefòn pwofesè a: | |
| Kontak koòdonatè paran an: |