Logo
Sep 22, 2025 | Paz Radovic

Avoka gratis nan Nouyòk ki espesyalize nan dosye familyal tankou divòs, pansyon alimentè, gad timoun

Gwoup sa yo bay sipò legal gratis oswa a pri abòdab sou dwa familyal nan vil Nouyòk, kèlkeswa estati imigrasyon w. Men kijan pou w kontakte yo epi men kisa w dwe atann

Èske w konnen ki kote pou w kòmanse si w bezwen yon avoka pou pwoblèm familyal, tankou divòs, gadyen timoun, pansyon alimantè, oswa titèl? lizyè òganizasyon ak klinik nan inivèsite Nouyòk bay sèvis asistans legal gratis oswa a pri abòdab pou fanmi, kèlkeswa estati imigrasyon yo.

Men kèk konsèy anvan ou kontakte yo

  • Rele anvan. Anpil kote ekzije pou w pran  randevou pou yo resevwa w.
  • Mache ak dokiman w yo tankou papye tribinal, kat idantite w, epi nenpòt lèt ou te resevwa.
  • Mande èd nan lang ou pale a paske pifò òganizasyon yo ofri sèvis entèprèt.

Men kèk òganizasyon ak klinik legal ou kapab kontakte.

Sanctuary for Families (Sant Refij pou Fanmi yo)

Sanctuary for Families bay asistans legal gratis ak lòt sèvis pou moun ki viktim vyolans domestik, trafik seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks. Avoka yo ka ede w jere dosye legal nan domèn dwa familyal.

Pou asistans ijans 24 sou 24 konsènan nenpòt kalite vyolans domestik, kontakte liy dirèk vil Nouyòk la nan 1-800-621-4673 oubyen rele 311.

Pou asistans legal gratis pou dosye manda pwoteksyon, divòs, imigrasyon, gad timoun, vizit ak sipò, ou ka kontakte Sanctuary for Families.

  • Rele yo nan (212) 349-6009, ekstansyon 1001
  • Voye tèks nan (646) 692-0300

Tout moun ki kontakte yo dwe pase yon evalyasyon ak yon pwosesis admisyon. Yon manm ekip yo a ap poze w kesyon dirèk sou ou menm ak dosye w la  pou l konekte w ak sèvis ki la pou sa. Si yo pa reponn telefòn nan, y ap mande w kite yon mesaj epi yon nanm ekip la ap retounen w apèl la. 

Yo genyen tou Sant Pou Jistis Familyal, yon sant sèvis pou viktim vyolans domestik kote y ap ede w ak bezwen w yo. Ou ka ale san randevou soti lendi pou rive vandredi, soti 9è nan maten pou rive 5è aprè midi. Tcheke adrès yo nan lyen sa a.

Sant Jistis Familyal Vil Nouyòk – Manhattan
80 Centre Street
Nouyòk, NY 10013
(212) 602-2800
Orè: 9 a.m. pou rive 5 p.m.

Sant Jistis Familyal Vil Nouyòk – Queens
126-02 82nd Avenue
Kew Gardens, NY 11415
(718) 575-4545
Orè: 9 a.m. pou rive 5 p.m.

Sant Jistis Familyal Vil Nouyòk – Bronx
198 East 161st Street
Bronx, NY 10451
(718) 508-1220
Orè: 9 a.m. pou rive 5 p.m.

Sant Jistis Familyal Vil Nouyòk – Brooklyn
350 Jay Street
Brooklyn, NY 11201
(718) 250-5111
Orè: 9 a.m. pou rive 5 p.m.

Sant Jistis Familyal Vil Nouyòk – Staten Island
126 Stuyvesant Place
Staten Island, NY 10301
(718) 697-4300 
Orè: 9 a.m. pou rive 5 p.m.

Legal Services NYC (Sèvis Legal Nan Nouyòk)

Legal Services NYC se youn nan pi gwo founisè sèvis legal gratis Etazini. Yo ofri èd pou dosye gad timoun, titèl, sipò pou timoun, ak dosye tribinal familyal. Yo ede moun k ap viv  Nouyòl ki pa gen gwo revni, tankou imigran san papye yo. Yo gen 12 lokal nan senk awondisman yo. Ou ka tcheke adrès yo nan lyen sa a.

  • Pou sèvis legal gratis, rele (917) 661-4500. Yo disponib lendi jiska vandredi soti 9:30 a.m. rive 4 p.m. Ou ka mande pou w pale ak yon moun nan lang ou.

New York Legal Assistance Group – NYLAG (Gwoup Asistans Legal nan Nouyòk)

New York Legal Assistance Group gen avoka gratis ki ka ede nan dosye divòs, gad timoun, pansyon alimantè, ak vyolans domestik. An jeneral, ou dwe rele epi kite yon mesaj oswa ranpli yon fòmilè sou sit entènèt yo a. Yo fè eksepsyon pou kèk pwoblèm, kote y ap vin rankontre w an pèsòn nan kominote w la. 

Fòk ou bay non konplè w, kontak ou, ak yon deskripsyon pwoblèm ou an lè w rele. Sa ap ede yo dirije apèl ou a bay depatman ki apwopriye a, epi y ap retounen w apèl la pi vit posib.

Tout sèvis yo gratis epi konfidansyèl. Reyinyon nan biwo yo se sou randevou sèlman.

  • Pou w kontakte yo pa telefòn, rele (212) 613-5000. Yo disponib lendi, mèkredi, ak jedi, soti 9 a.m. pou rive 3 p.m.

Yo genyen tou yon sèvis legal mobil, yon machin ki pase nan kominote yo ak avoka pou ofri moun yo asistans legal. Nan lyen sa a, w ap wè dat, lè, ak kote machin nan ap pase pandan mwa a.

Family Legal Care (Asistans jiridik pou dosye familyal)

Family Legal Care bay konsèy legal. Li gen yon moun ki pou gide w sou lwa ki konsène fanmi. Li gen resous pou ede paran ak moun k ap pran swen moun.

Tout pwogram Family Legal Care yo gratis epi yo ouvè pou tout moun ki gen kesyon konsènan lwa sou fanmi oswa zafè tribinal fanmi nan Nouyòk.

Ou ka kontakte Liy Asistans Family Legal Care la pou w resevwa enfòmasyon sou dwa fanmi ak tribinal pa telefòn, imèl ak tchat.

The Family Center (Sant Familyal la)

Family Center bay reprezantasyon ak defans legal gratis pou moun k ap afwonte gwo difikilte nan lavi yo, tankou moun yo mete deyò nan kay oswa chanjman nan gad timoun.

Family Center chita nan 493 Nostrand Ave, 3yèm etaj nan Brooklyn. Orè pou vini san randevou se lendi jiska Jedi soti 10 a.m. rive 5:45 p.m., epi vandredi soti 10 a.m. rive 5 p.m.

  • Ou ka kontakte yo pa telefòn nan (718) 230-1379 oswa nan (800) 219-4522. W ap jwenn plis enfòmasyon sou yo sou sit entènèt sa a.

Ou vle poze kesyon sou sijè sa ak sou kijan li aplike nan dosye pa w la? Kontakte yon espesyalis Documented.info ki ap ba w repons konfidansyèl ki gratis. W ap jwenn plis detay la a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt