Si w ap chache chanje estati w Etazini, li enpòtan pou w travay ak yon avoka ki kalifye oubyen yon reprezantan legal ki akredite. Yo kapab asiste w legalman ak dosye w la, epi ede w pi byen konprann pwosesis legal yo.
Ou riske konpwomèt chans ou pou w jwenn azil oswa yon lòt estati legal Etazini si w al pran sèvis nan men yon notè oswa nenpòt moun ki pa otorize pou bay konsèy legal.
Nan atik sa a, w ap jwenn kat eleman enpòtan ou dwe sonje lè w ap chache yon avoka pou ede w ak dosye imigrasyon w lan.
- Ki moun ki ka ede m legalman ak dosye imigrasyon mwen an?
- Ki avantaj ki genyen nan travay ak yon avoka?
- Kijan m ka jwenn yon bon avoka?
- Ki dwa m genyen lè m ap chache yon avoka pou travay avè m?
Piblikasyon orijinal atik sa a te fèt nan Importami.com. Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka ki kalifye oswa yon reprezantan ki akredite. Dènye mizajou nan atik sa a fèt 14 mas 2025 .
Ki moun ki ka ede m legalman ak dosye imigrasyon mwen an?
Genyen sèlman 2 kalite pwofesyonèl imigrasyon ki ka bay konsèy legal epi ede w ak dosye imigrasyon w lan:
- Avoka yo: Yon avoka se yon moun ki metrize lwa ak règ pou moun ki vle rete Etazini legalman. Yo kapab byen eksplike w lwa yo epi reponn nenpòt kesyon w genyen. Yo se moun ou kapab fè konfyans pou ede w nan pwosesis la, epi tout sa w ap diskite ak avoka w la rete konfidansyèl.
- Reprezantan ki akredite yo: Yon reprezantan ki akredite pa yon avoka. Men, Depatman Jistis ak Komisyon Dapèl pou Imigrasyon rekonèt yo, epi yo kapab reprezante w devan DHS ak Tribinal Imigrasyon, depi akreditasyon yo konplè.
Yon notè pa yon avoka Etazini. Yon notè pa kapab ede w legalman ak dosye imigrasyon w lan. Yon notè Etazini se yon moun ki revize dokiman pou konfime yo otantik, yon fason pou anpeche fwod. Si yon moun di w li se yon notè ki ka ofri w èd oswa konsèy legal, ou pa dwe fè moun sa konfyans, ni pran sevis nan men l.
Ki avantaj ki genyen nan travay ak yon avoka?
Li nan avantaj ou pou w travay ak yon avoka sou dosye w la paske avoka a kapab:
- Koute istwa w la: Yon avoka detèmine ki chemen legal ki pi bon pou ou epi li ede w nan jan pou rakonte istwa w la bay moun k ap pran desizyon sou dosye w la nan tribinal imigrasyon.
- Ede w ranpli bon dokiman yo: Gen anpil fòm ak dokiman ou bezwen ranpli lè w ap eseye rete Etazini legalman. Yon avoka kapab konfime w ap ranpli bon fòm yo, epi w ap fè tout bagay kòmsadwa.
- Reprezante w nan tribinal: Se avoka a ki pral defansè w epi ede w plede ka w la nan odyans tribinal yo.
- Defann enterè w ak dwa w: Yon avoka la pou asire yo tande vwa w epi dwa w yo pwoteje.
Kijan m ka jwenn yon bon avoka?
Pou w jwenn yon bon avoka, li enpòtan pou w travay ak yon moun ki gen eksperyans nan lwa imigrasyon. Ou ka itilize sitwèb Asosyasyon Avoka Imigrasyon Ameriken yo pou w chache yon manm ki gen espesyalite ki nesesè pou ka imigrasyon w lan. Pou w verifye si yon avoka gen lisans pou l pratike nan eta w ap viv la, suiv etap sa yo:
- Klike sou sit entènèt Asosyasyon Bawo Ameriken an
- Chache eta kote w ap viv la epi klike sou li. Apre sa, klike sou lyen ki mennen nan asosyasyon bawo eta w la
- Antre non avoka a oswa nimewo lisans li pou w wè pwofil li
- Pwofil la ap gen kontak avoka a, si li kapab pratike lalwa, epi si l te gen kèlkeswa pwoblèm etik.
Men kèk lòt konsèy pou ede w chwazi yon bon avoka:
- Revize kontra a epi poze tout kesyon w genyen yo anvan w siyen l.
- Kontra a dwe ekri nan lang ou pi alèz la, e yo dwe eksplike w li. Ou gen dwa pou mande eksplikasyon si yon bagay pa klè.
- Pa siyen anyen ou pa konprann.
- Chache konprann pou ki èd w ap aplike, epi frè yo pral chaje w yo. Kontra dwe eksplike sa, epi li dwe genyen yon plan pèman, si sa nesesè.
- Mande avoka a montre w lisans li pou w konfime li lejitim.
- Mande avoka a referans lòt kliyan li te travay avèk yo.
- Mande l fotokopi tout fòm ak dokiman li soumèt pou dosye w la.
Li atik sa a tou: Avoka Pro-Bono Ak Sèvis Legal Gratis nan Tribinal Imigrasyon New York
Ki dwa m genyen lè m ap chache yon avoka?
Lè w ap chache yon avoka oswa yon reprezantan ki akredite pou ede w, li enpòtan pou w konnen dwa w. Kit w ap peye avoka a oswa si y ap ede w gratis (sèvis gratis ki rele tou “pro bono”), yo gen menm responsablite yo. Sonje ou gen dwa pou w:
- Revoke avoka a oubyen reprezantan akredite a. Si w pa satisfè ak travay avoka a, ou pa oblije rete ak avoka sa a.
- Chache yon dezyèm opinyon sou ka w la. Ou pa bezwen angaje w ak premye avoka ou rankontre a. Li rekòmande pou w pale ak plizyè avoka anvan w deside ak kiyès ou vle travay.
- Depoze yon plent si avoka oswa reprezantan akredite w la vyole kèlkeswa règ la. Ou ka inisye yon plent ak Stop Notario Fraud.