Lè yon fanmi ap kòmanse yon nouvo ane lekòl, sa kapab pote anpil strès, sitou lè devwa lekòl yo kòmanse anpile. Vil Nouyòk ofri leson ak asistans pou devwa gratis pou timoun tout laj kèlkeswa estati imigrasyon yo.
UFT Dial-A-Teacher Rele-Yon-Pwofesè (Soti klas matènèl pou rive filo)
Liy dirèk sa a ki bay èd pou devwa gratis. Se yon kolaborasyon ant Federasyon Pwofesè Ini yo ak Depatman Edikasyon Vil Nouyòk la. Nenpòt elèv oswa paran elèv ki nan lekòl piblik nan vil Nouyòk kapab rele liy telefòn sa a pou konekte avèk yon pwofesè kalifye ki bay leson endividyèl. Anpil nan pwofesè yo bileng tou, kidonk yo ka ede nan lang tankou Kreyòl Ayisyen, Anglè, Fransè ak Chinwa.
Ki kote? Rele liy dirèk la nan (212) 777-3380 oswa 311 pou kapab konekte.
Ki lè? Dial-a-Teacher disponib lendi jiska jedi soti 4è pm rive 7è nan aswè lè lekòl la ap fonksyone.
Brainfuse-HelpNow
Brainfuse se yon sèvis ki bay timoun leson gratis sou entènèt. Se Bibliyotèk Piblik Nouyòk (NYPL) ak Bibliyotèk Piblik Brooklyn ki ofri l. Platfòm entènèt sa a ofri leson endividyèl an dirèk nan divès matyè, tankou matematik, syans, lekti ak ekriti, pou elèv depi lekòl primè rive nan lekòl segondè. Titè endividyèl yo ka pale anglè, fransè ak espanyòl.
Sou sit entènèt yo a, yo genyen videyo ak lòt resous ki gide elèv yo nan sijè tankou matematik, lekti ak ekriti. Genyen tou yon laboratwa ekriti sou entènèt kote elèv yo kapab soumèt redaksyon epi y ap jwenn yon moun pou korije l.
Ki kote? Pou w jwenn aksè a èd sa a, ou dwe konekte sou yon kont Brainfuse avèk kat bibliyotèk ou. Ou bezwen yon kat bibliyotèk? Men kijan pou fè youn. Si w bezwen èd pou w aplike, kontakte Ask NYPL.
Ki lè? Titè vityèl yo disponib soti 2è aprè midi pou rive 11è nan aswè chak jou, men w gen aksè a resous sou entènèt yo nenpòt ki lè.
NYPL After School (Aprè Lekòl)
NYPL After School se yon pwogram gratis kote ou pa bezwen fè enskripsyon pou timoun ki gen ant 6 a 12 an ki louvri 29 septanm. Elèv yo ka vini san randevou pou jwenn titè k ap ede yo ak devwa lekòl, gen aktivite pou amize yo, epi yo bay manje tou!
Ki lè? Lendi jiska Jedi soti 2è pm pou rive 7è pm nan jou lekòl yo.
Ki kote? Plizyè bibliyotèk nan Manhattan, Bronx ak Staten Island. Gade lis konplè a nan lyen sa a.
COMPASS: Pwogram aprè lekòl an pèsòn
COMPASS NYC vle di Sistèm paraskolè konplè vil Nouyòk. Se pi gwo pwogram apre lekòl nan vil la. Li gratis paske se Depatman lajènès ak devlopman kominotè (DYCD) ki finanse l.
Chak jou, pwogram sa a bay èlèv yo asistans pou yo fè devwa lekòl yo ba yo. Pwogram nan bay leson endividyèl, ak anrichisman akademik pou elèv ki nan jadendanfan rive nan senkyèm ane. Elèv yo jwenn tou ti goute, gwoup jèn ki fè aktivite amizan ak vizit edikatif.
COMPASS disponib toupatou nan vil Nouyòk, men se pa tout lekòl piblik ki òganize li. Pou w konfime si lekòl pitit ou a ofri li, ou ka mande pwofesè pitit ou a oubyen rele nan nimewo 311 epi mande asistans ak Pwogram paraskolè konplè a.
Kilè? Apre lekòl jiska anviwon 6è nan aswè chak jou lekòl. Gen kèk sit COMPASS ki ofri tou pwogram vakans ak pwogram ete.
Ki kote? Pou w aplike, suiv etap sa yo:
- Ale nan Discover DYCD → chwazi “Pwogram Aprè Lekòl” → Mete kòd postal ou.
- Chwazi yon lokal (nan lekòl ou a oswa tou pre).
- Enskri nan sit entènèt yo bay pou lokal ki nan zòn ou an — oswa mande direktè lekòl ou a/kowòdonatè paran an pou fòmilè aplikasyon pwogram nan.
- Pou asistans, rele DYCD Community Connect nan: 800-246-4646 / 646-343-6800.
Learn To Be
Se yon òganizasyon ki bay leson endividyèl gratis sou entènèt pou elèv ki pa jwenn ase sèvis. Platfòm nan konekte elèv yo ak titè volontè pou sipò akademik pèsonalize nan matematik, ekriti ak lekti.
Ki kote? Vizite sit entènèt prensipal yo a epi klike sou enskri yon elèv pou w ranpli fòmilè sou entènèt la. Y ap kontakte w nan de (2) jou.
Kilè? Yon fwa ou fin enskri pitit ou, orè a ap depann de disponiblite titè yo.