Logo
Sep 08, 2025 | Paz Radovic

Enfòmasyon imigran yo dwe konsidere lè y ap vwayaje anndan Etazini

Sa pou w konnen lè w ap vwayaje san papye — dwa w, risk ki genyen, ak konsèy pou w rete an sekirite sou wout la oswa nan tren.

Pandan plis moun ap vwayaje pou sezon ete a epi anpil imigran k ap viv Nouyòk ap planifye vizite lòt eta, kesyon sa souvan prezante l: Èske li pridan pou w vwayaje si w san papye oswa si w gen dout sou estati imigrasyon w? Kit w ap vizite fanmi w nan yon lòt eta, ale nan plaj, oswa jis al vizite vil ki toupre yo, li enpòtan pou w konnen dwa w ak risk ki genyen — sitou lè w ap pran bis, tren, oswa machin.

Enfòmasyon sa yo pa ranplase konsèy legal yon avoka ki kalifye oswa yon reprezantan Depatman Jistis (DOJ) akredite. Kontni sa a te mete ajou pou dènye fwa nan mwa Dawout 2025.

Ki tip vwayaj ki gen mwens danje pou imigran yo?

Nivo risk la depann de mwayen transpò w ap chwazi a, men nan kontèks kote lwa yo ap aplike avèk anpil rigè, nenpòt vwayaj kapab mete moun ki pa gen papye yo an danje e ekspoze yo a aretasyon oswa detansyon. 

Bis ak tren

Li pli sekirize lè yon moun ki pa gen estati legal pran bis oswa tren lè l ap vwayaje anndan Etazini.  Kontrèman ak vwayaj nan ayewopò yo ki se zòn federal TSA kontwole, pifò estasyon bis ak tren pa mande pyès idantite pou pasaje yo monte. Jeneralman ajan imigrasyon yo pa prezan, menm si sa konn rive kèk fwa.

Malgre lalwa entèdi ajan imigrasyon yo monte nan bis ak tren pou entèwoje pasaje yo san manda, gen rapò sou Border Patrol ak ICE ki montre yo konn fè tchèk nan kèk estasyon tren, sitou sa ki tou pre fontyè ak gwo sant transpò yo. ACLU dokimante kèk ka kote yo fè tchèk nan bis Greyhound ak tren Amtrak yo, espesyalman nan zòn ki a 160 km de fwontyè a.  

Lè yo fè tchèk konsa, ajan ICE yo ka mande w dokiman ki pwouve estati w. Si yo kanpe w nan tren osnon nan bis pou kontwòl, sonje konsèy sa yo:

  • Pa reponn kesyon sou sitwayènte oswa estati imigrasyon w, epi pa siyen okenn papye san avoka. Pa bay manti. Ou gen dwa rete an silans.
  • Ou ka montre papye imigrasyon w si ou genyen yo, men pa janm itilize fo dokiman.
  • Ou ka refize pou yo fouye w ou menm ak afè pèsonèl ou. Di ajan an: « Mwen pa dakò pou yo fouye m. »
  • Ou gen dwa fè videyo ajan imigrasyon yo.

Vwayaje nan machin

Lè w sou wout la, ou gen plis chans pou w rankontre ajan lapolis ki ka kanpe w pou enfraksyon sikilasyon, tankou eksè vitès. Gen plis kontwòl ajan imigrasyon anndan peyi a sou wout ki toupre fwontyè Etazini ak Meksik oswa ak Kanada.

Sonje, ou ka jwenn yon pèmi kondui nan eta Nouyòk menm si w pa gen papye. Men yon gid pou ede w.  

Si yon ajan lapolis oswa yon ajan imigrasyon kanpe w pandan w nan machin, sonje rekòmandasyon sa yo

  • Kanpe machin nan yon kote ki an sekirite pi vit posib. Etenn machin nan, limen limyè anndan an, louvri fenèt la a mwatye, epi mete 2 men w sou volan an.
  • Si yo mande w sa, ou ka montre polisye a pèmi kondwi w, papye machin nan, ak prèv asirans ou.
  • Si yon ajan lapolis oswa yon ajan imigrasyon mande pou fouye machin ou, ou ka refize. Men, si lapolis panse machin nan gen prèv yon krim, yo ka fouye li san konsantman ou.
  • Ni chofè k ap kondui machin nan ni pasaje a gen dwa pou yo rete an silans. Si w se yon pasaje, ou ka mande tou si w ka ale. Si yo di wi, ale an silans.

E vwayaj nan avyon yo?

Si w pa gen papye, se yon gwo risk pou w vwayaje nan avyon nan Etazini. TSA egzije yon pyès idantifikasyon ofisyèl valab oswa yon paspò pou w ka pran avyon. Pou w wè lis konplè fòm idantite TSA aksepte yo, klike lyen sa a.  

Gen rapò ki denonse pasaje yo te bloke pou entewoje yo sou estati imigrasyon yo nan ayewopò — sitou anba administrasyon Trump lan ki ogmante mezi ranfòsman lwa yo.

Kisa m dwe fè si otorite yo apwoche m?

Repons sa yo baze sou konsèy gid “Konnen dwa w” ACLU ak Immigrant Legal Resource Center kreye:

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt