Logo
Sep 04, 2025 | Dashiell Allen and Rommel H. Ojeda

Bisiklèt elektrik ak moped nan vil Nouyòk: Sa ki legal ak sa ki pa legal

Bisiklèt elektrik ak moped yo gen règ ki pa menm daprè Depatman Transpò Vil Nouyòk. 

Moun Nouyòk k ap fè livrezon manje ak sila yo ki souvan sèvi ak bisiklèt a motè pou transpòtasyon nan vil la, Depatman Transpòtasyon Vil Nouyòk (DOT) mete règ pou chak kalite veyikil, menm jan pou bisiklèt elektrik ak moped.

Documented kreye gid sa a pou ede w konprann règ itilizasyon bisiklèt elektrik ak moped nan Vil Nouyòk.

Règ pou itilizasyon bisiklèt elektrik

Bisiklèt elektrik (an anglè e-bike), se yon bisiklèt ou pedale men ki gen yon batri rechajab sou li ki ede w lè w ap kondwi l. Ou pa bezwen gen lisans pou w itilize l.

  • Vitès maksimòm nan se ant 20 ak 25 mil alè (apeprè 32 a 40 kilomèt alè).
  • Li obligatwa pou w mete kas si w ap kouri yon bisiklèt ki gen vitès maksimòm 25 mil alè.
  • Ou ka itilize bisiklèt elektrik nan wout bisiklèt yo ak nan zòn kote vitès maksimòm nan pa depase 30 mil (48 kilomèt) alè.

Règ pou itilizasyon moped

Yon moped oswa motosiklèt an jeneral pa gen pedal.

  • Nan Nouyòk, gen twa kategori moped selon vitès yo. Kategori A gen vitès maksimòm 40 mil alè. Kategori B jiska 30 mil alè. Kategori C jiska 20 mil alè.
  • Pou tout kategori yo li obligatwa pou pote kas epi anrejistre moped la nan Department of Motor Vehicles  Eta Nouyòk (DMV).  
  • Pou Kategori A a: ou bezwen yon lisans motosiklèt (M/MJ). Ou ka sèlman kouri l nan wout machin epi ou pa gen dwa pase nan wout bisiklèt.
  • Pou Kategori B ak C a: ou bezwen yon lisans nòmal. Ou ka kouri l nan wout machin oswa sou bò dwat wout la. Ou ka al sou bò goch sof si w bezwen vire agoch, daprè règ Depatman Transpòtasyon (DOT).

Nan lyen sa a w ap jwenn lis konplè sou règ yo ak diferans ki genyen nan chak kategori bisiklèt.

Lòt rekòmandasyon ak règ

Ou vle poze kesyon sou sijè sa ak sou kijan li aplike nan dosye pa w la? Kontakte yon espesyalis Documented.info ki ap ba w repons konfidansyèl ki gratis. W ap jwenn plis detay la a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt