Si w ap panse pou w ouvri pwòp biznis ou nan lari Nouyòk, men ou santi w bloke paske lisans revandè jeneral la difisil anpil pou w jwenn jodi a, ou pa pou kont ou. Gen anpil moun ki sou lis k ap tann, e lisans sa a vrèman ra nan vil la. Men gen yon bon nouvèl: ou pa bezwen lisans sa a pou w vann nan festival ak mache ki fèt lannuit yo.
Vann nan festival ak mache lannuit se yon bon opsyon pou moun ki vle kòmanse yon ti biznis, atis, atizan, oswa moun k ap vann manje. Sa mande kèk pèmi ki pi fasil pou jwenn epi yon ti preparasyon.
Business Outreach Center nan CMP la pou ede moun ki enterese yo. Se yon òganizasyon ki travay pou ede moun jwenn travay ak devlope ti biznis. Li òganize yon seminè sou sa.
Fè yon taks ID (sètifika ki ba w dwa pou w vann)
Pou kòmanse, tout machann — kit w ap vann rad, pwodui atizana, oswa manje kuit ak manje ki tou pare pou moun manje — dwe jwenn yon otorizasyon ki ba w dwa pou w vann, ki rele Sètifika Otorite. Sètifika sa a otorize w pou w kolekte epi peye taks sou lavant ou fè nan eta Nouyòk, kèlkeswa gwosè oswa dire aktivite w, menm si se pou yon ti tan pandan festival yo.
Ou ka fè demann pou Sètifika Otorite a sou sit entènèt New York State Department of Taxation and Finance. Ou dwe soumèt demann ou an omwen 20 jou anvan ou vann nenpòt pwodui ki mande pou w peye taks. Si w ap fè demann nan pou tèt ou kòm moun, w ap bezwen bay nimewo Sekirite Sosyal ou pou w ka jwenn nimewo taks ki ba w dwa pou w vann nan.
Machann k ap patisipe nan festival yo pa oblije genyen yon Pèmi Tanporè Machann nan NYC Department of Consumer and Worker Protection. Kidonk, si w ap vann pwodui ki pa manje pou moun manje, Sètifika Otorite a se sèl pèmi ou bezwen pou w patisipe kòm machann nan festival yo.
Lòt pèmi obligatwa pou machann manje
Si ou gen plan pou w vann nenpòt kalite manje — kit se ti goute ki tou anbale, manje kuit, oswa manje ki prepare sou plas — w ap bezwen kèk lòt pèmi anplis, pou w respekte règleman lasante vil Nouyòk la.
Ou dwe jwenn yon Sètifika Pwoteksyon Alimantè nan men Depatman Sante NYC. Sètifika sa a pwouve ou suiv fòmasyon obligatwa sou tout mezi, règleman ak pratik ki fèt pou asire manje a fèt nan bon kondisyon sanitè ak bon pratik pou prepare, anbwate ak anbale manje. Yon fwa yo ba ou li, sètifika sa valab pou tout tan e li se yon dokiman enpòtan anpil pou nenpòt moun k ap prepare oswa sèvi manje pou kliyan. Ou ka aplike epi enskri sou sit entènèt ofisyèl NYC Business la.
Kandida yo ka chwazi suiv kou a swa an pèsòn nan sal klas oswa sou entènèt. Frè yo se 114 dola pou kou nan sal klas la, epi 24 dola sou entènèt. Kou nan klas la disponib an anglè, bengali, ak panyòl. Kou sou entènèt la disponib an anglè, panyòl, ak chinwa. Pou asire tout moun ka jwenn aksè, egzamen final la ak gid etid yo disponib nan 37 lang diferan pou tou de fòm kou yo.
Anplis, w ap bezwen yon Pèmi Etablisman Sèvis Manje Tanporè (TFSE), ki li menm tou soti nan Depatman Sante a. Pèmi sa a ba w dwa pou ou genyen yon estann ki la pou yon ti tan pandan evènman tankou fwa nan lari, festival, ak machann manje lannuit nan vil la. Ou ka aplike epi enskri atravè sit entènèt ofisyèl NYC Business la.
Pèmi TFSE a valab pou yon lane apati dat yo delivre li epi li koute 70 dola. Si w ap sèvi desè glase, w ap bezwen peye yon frè 25 dola anplis. Li enpòtan pou w konnen pèmi sa a pa renouvlab, sa vle di ou dwe soumèt yon nouvo demann chak ane apre pèmi an fin ekspire.
Chwazi yon òganizatè evènman epi soumèt kandidati w.
Nan vil Nouyòk, pifò fwa nan lari ak mache ki fonksyone lannuit yo, se konpayi ki gen lisans pou sa ki òganize yo. Konpayi sa yo jere tout lojistik, kòdone tout aktivite machann yo, epi jere koze pèmi ofisyèl yo. CMP Business Outreach Center konseye tout moun kolabore ak de (2) gwo òganizatè sa yo: Clearview Festival Productions ak Mardi Gras Productions. Pou w patisipe nan evènman yo, machann yo dwe peye yon frè manm chak ane, epi peye yon lòt frè patisipasyon pou chak evènman yo vle patisipe ladan l.
Konpayi sa yo bay aksè ak anpil fwa, festival, ak mache pandan tout ane a, nan plizyè katye nan vil la, sa ki pratik si ou vle vann nan plizyè espas. Ou ka gade kalandriye yo sou entènèt epi soumèt demann ou dirèkteman sou sit yo.
Anplis evènman gwo oganizatè sa yo, gen mache endepandan ki pa pase pa konpani pwodiksyon, tankou Queens Night Market ak Smorgasburg, ki trè popilè. Mache sa yo tou jere pwòp pwosesis pèmi yo pou machann yo. Ou ka aplike dirèkteman sou sit entènèt yo.
Kit ou travay ak yon konpayi ki nan òganizasyon evènman an oswa ou ale dirèkteman kote moun k ap jere mache endepandan yo, li toujou bon pou w teste plizyè espas pou w jwenn sa ki pi byen mache ak pwodui epi ak kliyantèl ou yo.
Pare w pou jou mache a
Lè w fin jwenn otorizasyon pou w vann, pwochen etap la se prepare yon estann ki akeyan epi ki byen òganize. Yon espas ki pwòp, byen prezante, ak yon touch pèsonèl ki ka atire kliyan epi ranfòse lavant.
Kòmanse ak sa ki pi enpòtan yo: pote yon tant oswa yon parasol solid pou make kote w ap vann nan epi pou w ka pare solèy ak lapli. Mete yon tab solid ansanm ak etajè pou w byen ranje epi mete pwodui yo an valè. Ti detay tankou bandwòl, drapo oswa pano ak non biznis la ka ba w plis vizibilite pou ede moun rekonèt ou pi fasil.
Planifye kantite machandiz ou dapre kantite moun yo atann nan evènman an. Fòk pri pwodui ak atik yo parèt byen vizib, epi sèvi ak afich ki klè pou montre non pwodui yo, pri yo, ak pwomosyon ou genyen pou atire kliyan. Pa bliye pote ase materyèl pou anbalaj tankou sachè, bwat, oswa papye pou kliyan yo ka ale ak sa yo achte yo san pwoblèm epi an sekirite.
Mete yon bon sistèm pèman sou pye
Menm jan ak bèl prezantasyon machandiz ou yo, genyen yon bon sistèm pou moun peye san pwoblèm enpòtan anpil. Si w ap aksepte lajan kach, pote ase monnen ak ti biyè fen pou bay monnen. Pou fasilite kliyan yo — epi pou w ka vann plis — panse sèvi ak yon aparèy pèman mobil pou kliyan ka peye ak kat kredi oswa kat debi, paske anpil moun prefere sa jodi a.
Toujou kenbe dokiman ki nesesè yo toupre w, tankou pèmi w ak yon kopi sètifika ki rekonèt ou kòm machann. Li bon tou pou w gen nimewo telefòn moun k ap òganize evènman an, sizoka ta gen yon pwoblèm.
Epi pa bliye pran swen tèt ou. Pote yon chèz ki ka pliye pou w ka fè yon ti repoze lè sa nesesè, ansanm ak ti bagay pou w pase nan bouch ou ak dlo pou w bwè, pou w rete djanm pandan tout jounen an. Epi kòm tan an konn enprevizib pote ti vantilatè, chofaj, oswa pwela pou w ka pare pou tout kondisyon. Pote tout sa w bezwen pou w santi w alèz epi pwoteje espas ou.
Ou bezwen èd? W ap jwenn asistans gratis
Si w gen kesyon konsènan pèmi, egzijans pou machann yo, oswa nenpòt lòt bagay ki gen rapò ak patisipasyon nan fwa, festival, ak mache nan lari, gen èd gratis ki disponib pou ede w nan tout etap yo.
Ou ka kontakte Janice Zhu, konseye biznis nan CMP Business Outreach Center, nan nimewo 646-603-7172 oswa pa imèl nan janicezhu@cmpny.org.