Lwe kay nan vil Nouyòk kapab difisil. Li pi difisil ankò lè w fenk rive nan peyi a kote nivo kredi w fèb oswa w pa gen kredi ditou. Men, lalwa eta Nouyòk pwoteje w. Men sa w dwe konnen sou jwenn epi aplike pou kay oswa apatman nan Nouyòk si nivo kredi w fèb oswa w pa gen kredi ditou.
Kijan mwen ka lwe kay si kredi m fèb oswa si m pa gen kredi?
Si w ap aplike pou w lwe yon apatman — kit leta finanse l ou non — yon pwopriyetè pa kapab otomatikman rejte w jis paske kredi w fèb. Pwopriyetè oswa koutye kay yo dwe ba w yon chans pou w bay lòt enfòmasyon ak dokiman pou ranfòse aplikasyon w lan.
An nou antre nan plis detay. Dapre lalwa, yo pa ka rejte w poutèt nivo kredi w oswa istorik kredi w si:
- Kredi w 580 oswa plis (Oswa 500 si w sanzabri)
- Istorik kredi w fèb oswa w pa genyen ditou
- Ou nan yon pwogram sibvansyon lwaye ki totalman kouvri pri kay la
- Ou gen pwoblèm kredi akòz vyolans domestik oswa asèlman (Pou plis enfòmasyon: Li Lwa sou Vyolans Kont Fanm nan)
- Ou te gen pwoblèm ekonomik men w ka pwouve w te peye lwaye w alè pandan 12 dènye mwa yo, oswa 12 mwa anvan Pandemi COVID-19 la (Soti premye mas 2019 pou rive premye mas 2020)
Yo pa ka rejte w tou poutèt:
- Dèt medikal oswa etidyan
- Dèt ki mwens pase 5,000 dola
- Fayit ki gen plis pase yon lane
- Dosye jidisyè ak ansyen pwopriyetè
Sepandan, pwopriyetè yo ka mande pou w gen yon garan.
Kisa yon garan ye?
Yon garan se yon moun ki dakò pou l responsab finansyèman pou kontra lwaye yon lokatè, si lokatè a pa ka satisfè obligasyon lwaye a poukont li. Aranjman sa yo fèt souvan nan mache lokasyon vil Nouyòk la ki gen anpil konpetisyon.
Si yon lokatè pa satisfè kritè lokasyon yon pwopriyetè akòz revni l pa ase, istorik kredi l fèb, oswa mank antesedan nan zafè lwe kay, yon garan ka ede l konble diferans lan. Garan an, souvan yon manm fanmi oswa yon zanmi pwòch, bezwen demontre yon estabilite finansyè solid, e nan vil Nouyòk sa ka vle di montre yon revni ki 80 a 100 fwa pri lwaye a chak mwa.
Garan yo dwe bay dokiman tankou prèv revni, rapò kredi ak deklarasyon taks. Li enpòtan pou w konprann lè w garan yon moun se yon angajman enpòtan. Si lokatè a pa peye, daprè lalwa, garan an oblije peye lwaye a ak nenpòt depans ki asosye avèk li.
Si w pa ka bay yon garan, gen lòt opsyon ki egziste. Ou ka ofri pou w peye plis mwa lwaye davans oubyen ofri pou peye yon montan ki plis pou depo sekirite a. Si w pa gen yon zanmi oswa fanmi ki ka ede w kòm garan w, ou ka tcheke yon sèvis garan.
Èske m ka lwe kay san verifikasyon kredi?
Wi, li posib. Ou ka evite verifikasyon kredi a si w ka bay prèv kote w te byen peye lwaye w epi alè nan 12 dènye mwa yo. Kòm prèv yo aksepte resi, atestasyon bankè, oswa yon lèt ki gen siyati ansyen pwopriyetè yo ki konfime pèman yo.
Èske yon pwopriyetè oswa koutye ka kontakte ansyen oswa aktyèl pwopriyetè mwen an san pèmisyon mwen?
Wi ak non. Nouvo pwopriyetè a oswa ajan lwaye a ka sèlman kontakte aktyèl oswa ansyen pwopriyetè w yo pou tcheke si w pa gen vyolasyon kontra lokasyon grav tankou domaj pwopriyete, aktivite ilegal, bèt nan kay la san otorizasyon oswa menm vyolasyon bri.
Menm si w ou te vyole yon kontra lokasyon, yo dwe toujou ba w chans pou w eksplike vesyon pa w, sitou si vyolasyon an (yo) te akòz maladi, pèt travay, oswa pandemi COVID-19 la.
Ki frè yo ka fè m peye?
Yon pwopriyetè pa ka fè w peye pou verifikasyon kredi ak dosye kriminèl si w te deja fè youn pandan 30 dènye jou yo. Si pwopriyetè a oswa ajan lwaye a fè pwòp verifikasyon kredi pa l, li pa ka fè w peye plis pase $20 oswa pri li koute a (kèlkeswa sa ki pi piti a).
E si yon pwopriyetè rejte m?
Pou yon pwopriyetè rejte w sou baz rapò kredi w, li dwe di w poukisa epi ba w 14 jou pou w reponn. Li kapab bay dokiman adisyonèl ki swa pwouve te gen erè nan rapò kredi a oswa pwoblèm finansye w yo te tanporè.
Si yo refize w ofisyèlman, pwopriyetè yo gen obligasyon pou yo ba w yon kopi rapò kredi a ak verifikasyon dosye kriminèl la.
Ki kote m ka chèche apatman pou lwe ki abòdab?
Youn nan opsyon yo se NYC Housing Connect, yon platfòm sou entènèt kote abitan Nouyòk yo kapab chèche kay pou lwe nan tout senk awondisman yo.
Lojman abòdab ki sou sit sa anba règleman ki asire lwaye yo rete estab pou yon bon tan. Kay ki pou vann — tankou kondominyòm, koperativ, ak kay familyal — gen restriksyon sou pri yo tou. Nenpòt moun ka aplike pou opòtinite lojman sa yo kèlkeswa sitwayènte yo oswa estati imigrasyon yo, depi yo satisfè kondisyon espesifik sou revni ak valè moun nan fanmi yo pou chak anons.
Yo soumèt aplikasyon yo atravè yon sistèm lotri, epi sèten aplikan, tankou granmoun aje, moun ki andikape, ak moun ki deja rezidan katye a, kapab gen priyorite.
Aplikan yo seleksyone yo dwe soumèt dokiman ki pwouve revni yo, byen yo, ak istorik lwaye yo (oswa chwazi fè yon verifikasyon kredi si sa nesesè).
NYC Housing Connect ofri tou resous gratis tankou konsèy finansye atravè pwogram Ready to Rent pou ede itilizatè yo prepare aplikasyon ki efikas.
Ki lòt enfòmasyon m ta dwe konnen?
Anplis pwoteksyon eta Nouyòk ofri yo, gen inisyativ ou menm ou ka pran pou amelyore chans ou pou w jwenn yon kay pou w lwe:
- Ou dwe onèt epi transparan: Trete pwosesis lokasyon an tankou yon entèvyou travay. Abiye byen, toujou rive alè, epi eksplike nenpòt pwoblèm kredi oswa finansye ak kijan ou te simonte yo.
- Montre prèv revni w: Montre chèk travay ou, atestasyon bankè w, oswa yon lèt anplwayè ki montre revni ou kouvri omwen 30-35% nan lwaye a.
- Ofri depo sekirite siplemantè: Ofri yon depo sekirite ki plis oswa peye plizyè mwa lwaye davans pou soulaje enkyetid pwopriyetè a.
- Pwograme peman otomatik: Pwopoze pou w fè peman lwaye a otomatik pou w montre w fyab.
- Jwenn yon kosiyatè oswa yon garan: Yon kosignatè ki gen bon kredi kapab ranfòse aplikasyon w lan lè li dakò pou kouvri lwaye a si sa nesesè.
- Jwenn yon kolokatè ki gen bon kredi: Koabite ak yon moun ki gen bon kredi ka ogmante chans ou, sitou si moun sa se lokatè prensipal la.
- Bay referans: Lèt referans ansyen pwopriyetè w, anplwayè w, oswa lidè nan kominote w yo ka pwouve ou responsab e fyab.