Logo
Aug 12, 2025 | Paz Radovic

Men kisa Imigran ki san papye dwe konnen konsènan obligasyon pou yo enskri kòm “Etranje” a

Yon nouvo règ federal egzije pou imigran san papye yo enrejistre enfòmasyon pèsonèl yo nan sistèm imigrasyon peyi Etazini. Men èske li pridan — oswa menm nesesè — pou w enskri?

Enfòmasyon ou dwe konnen sou Obligasyon Enskripsyon kòm “Etranje” a:

  • Depi 11 avril, moun ki pa janm gen kontak ak otorite imigrasyon yo oblije enskri nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) atravè yon nouvo pwosesis sou entènèt.
  • Anplis enskripsyon an, gouvènman an mande pou tout moun ki Etazini pandan 30 jou oswa pi plis, enfòme USCIS si yo chanje adrès nan yon delè ki pa depase 10 jou apre yo fin chanje kay.
  • Enskripsyon an pa bay okenn pwoteksyon legal oswa anpeche depòtasyon.
  • Yo kapab itilize enfòmasyon pèsonèl ou soumèt yon kont ou nan pwosedi imigrasyon oswa kriminèl. 
  • Kit ou deside enskri, kit ou pa enskri, chak desizyon sa yo gen gwo risk ladan yo.
  • Chache konsèy legal anvan ou poze yon aksyon. Pa enskri si w pa fin konprann konsekans sa kapab genyen.

Nan dat 11 avril 2025, Depatman Sekirite Enteryè (DHS) te mande pou imigran ki san papye yo mete enfòmasyon pèsonèl yo ansanm ak istwa imigrasyon yo nan yon sistèm ki sou sit entènèt USCIS (Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini) la, pou yo kapab respekte obligasyon pou enskripsyon etranje yo.

Menm lè lwa sa a egziste depi plizyè dizèn lane, pat janm gen okenn pwosedi pou moun ki san papye yo konfòme yo a règ sa a. Kounye a, administrasyon an kreye yon nouvo fòmilè ak pwosesis an liy pou moun ki poko anrejistre yo kapab fè sa.

Enfòmasyon ki pataje isit la pa dwe konsidere kòm konsèy jiridik. Li enpòtan tou pou w konnen règleman imigrasyon yo ap chanje souvan. Pou konsèy oswa enfòmasyon ki adapte ak ka pa w la, nou rekòmande  w pou w konsilte yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan kalifye ki gen otorizasyon pou sa.

Defansè dwa moun ak avoka espesyalize nan kesyon imigrasyon yo soulve gwo enkyetid konsènan règleman ofisyèl sa epi sou fason li ka afekte dwa pou moun defann tèt yo devan lajistis. National Immigration Law Center (NILC) avèti enskripsyon sa a ta ka “lakòz arestasyon, depòtasyon, e petèt pouswit kriminèl,” dapre sa gwoup la deklare nan yon rapò.

Daprè jounal Newsweek, nan dat 29 avril la, administrasyon Trump lan te anonse gen 47,000 imigran san papye ki deja anrejistre pou fè otorite yo konnen prezans yo nan peyi a. Men sa nou konnen jiskaprezan sou nouvo pwosesis pou respekte Egzijans Enskripsyon pou Etranje a, ak sa ou dwe konnen sou fason yo ka itilize l.

Kisa Egzijans Enskripsyon pou Etranje a ye? (“Alien Registration Requirement”)

Si w te antre Etazini san viza, epi w pa janm gen kontak ak otorite imigrasyon yo, nouvo pwosesis Enskripsyon pou Etranje a ka konsène w. Epi tou, si w te antre Etazini ak yon viza lè w te gen pou pi piti pase 14 lane, ou sipoze al fè anprent ou lè w gen 14 lane pou w respekte règleman enskripsyon an.

Nouvo pwosesis la mande pou kreye yon kont an liy sou sit entènèt USCIS la, ranpli Fòm G-325R ak enfòmasyon pèsonèl ou, al nan yon randevou pou pran anprent ou, epi w ap resevwa yon dokiman ki rele “Prèv Enskripsyon pou Etranje” (Proof of Alien Registration).

Enskripsyon an pa vle di: 

  • Ou vin legal 
  • Ou gen otorizasyon pou w travay
  • Ou pwoteje kont arestasyon oswa depòtasyon

Okontrè, lè w enskri, sa kapab lakòz Depatman Sekirite Enteryè (DHS) arete w epi depòte w.

Siw  te antre Etazini ak yon viza, oswa ak rezidans ou (sa yo rele green card la), azil, TPS, oswa ak yon pèmi travay, ou ka deja anrejistre e w pa bezwen fè okenn lòt demach. Si w pa sèten, chache konsèy yon avoka anvan menm ou fè kwakseswa.

Ki enfòmasyon w ap gen pou w pataje lè w ap enskri?

Lè w ap enskri, ou bezwen ranpli yon fòm sou entènèt la ki pote non G-325R atravè yon kont sou sit USCIS la. Fòm sa mande anpil enfòmasyon pèsonèl sou lavi w ak sou fanmi w. Men enfòmasyon y ap mande w:

  • Non konplè w
  • Adrès tout kote ou te rete Etazini pandan 5 dènye ane yo
  • Dat ou fèt ak peyi ou fèt
  • Nasyonalite w oswa sitwayènte w
  • Istwa w kòm imigran (ki lè ou te rive ak kijan ou te antre Etazini)
  • Ki travay osnon aktivite ou fè pou w viv pandan w Etazini, sa ou gen entansyon fè, epi konbyen tan ou panse rete ankò nan peyi a.
  • Deskripsyon ou fizik ou: sèks (fi/gason), koulè po, wotè, pwa, koulè cheve ak koulè je w
  • Dosye kriminèl: si yo arete w osnon pran prizon deja
  • Enfòmasyon sou mari/madanm ou ak sou paran w: non yo, dat nesans yo, peyi yo fèt

Gouvènman an ap kenbe tout enfòmasyon sa yo nan sistèm li. Gen plizyè òganizasyon ki di, menm si otorite yo pa esplike klèman poukisa y ap ranmase tout enfòmasyon sa yo, sa ka sèvi pou mete moun san papye yo nan prizon, depòte yo, oswa menm pouswiv yo pou dosye kriminèl.

Èske genyen risk si w anrejistre?

Daprè yon nòt pou laprès ki soti 25 fevriye, bazdone sa a fèt nan objektif pou siveye ak  kontwole moun yo, epi, rive yon lè, fòse yo kite peyi a volontèman.

  • Lè w anrejistre, ou ka mete tèt ou an danje pou yo depòte w. Gouvènman an ka itilize enfòmasyon ou bay yo pou chache w, arete w epi mete w deyò nan peyi a.
  • Yo ka fè presyon sou ou pou w kite peyi a volontèman
  • Ou ka resevwa yon lèt ki sòti nan “Immigration and Customs Enforcement” (ICE) ki mande w pou w al prezante w nan youn nan biwo li yo. Si w ale, ICE ka arete w oswa angaje yon pwosè nan tribinal pou depòte w.
  • Si w pa kapab pwouve w te Etazini depi plis pase de (2) lane, ICE ka eseye depòte w rapidman san ou pa wè yon jij. Se sa yo rele “expedited removal” (depòtasyon imedya).

Daprè Summer Immigration Law, anrejistreman sou sit la ka ekspoze w fas ak akizasyon kriminèl ki gen rapò ak imigrasyon, paske moun ki anrejistre sou sit la ka bay enfòmasyon ki kapab sèvi kont yo ann apre nan pwosedi imigrasyon osnon kriminèl. 

Moun ki revele yo pa gen estati legal oswa  ki vyole lwa imigrasyon yo, yo kapab mete yo nan pwosesis pou depòtasyon, epi yo ka mete kèk ladan yo nan prizon pandan oswa apre anrejistreman an.

Kisa ki ka rive m si mwen pa enskri?

Si w pa enskri, yo ka toujou arete w, mete w nan prizon ak/oswa depòte w. 

Sepandan, gouvènman an menase pou l pousuiv moun yo sou baz krim federal minè ki gen rapò ak egzijans sa a:

  • Si w pa enskri: ou ka oblije peye yon amann jiska $5,000 dola oswa pase jiska 6 mwa nan prizon.
  • Si w pa toujou mache ak prèv enskripsyon ou: ou ka peye yon amann jiska $5,000 dola oswa pase jiska 30 jou nan prizon.
  • Si w pa enfòme otorite yo ou chanje adrès kay pou pita 10 jou apre chanjman an: ou ka peye yon amann jiska $200 dola oswa pase jiska 30 jou nan prizon.

Kisa m dwe fè?

Premyèman, pa gen okenn dat limit pou sa, kidonk pa prese enskri san ou pa konsilte yon avoka oswa yon pwofesyonèl legal ki kalifye nan domèn sa yo.

Verifye si yo pa deja konsidere w kòm yon moun ki anrejistre. Si w te anrejistre lè w te gen mwens pase 14 lane, men w pa t bay anprent ou, ou ka oblije bay yo kounya pou w ka respekte règ enskripsyon an.

Epitou, chache konsèy legal si w pa fin sèten, paske soumèt nenpòt enfòmasyon bay gouvènman an nan nouvo pwosesis enskripsyon sa a ka gen konsekans grav pou ou.

Finalman, rete enfòme epi pwoteje tèt ou — règ sa yo ka toujou chanje oswa yo ka vin jwenn kontestayon legal.

Si w gen plis kesyon sou sijè sa a epi ou vle konnen nan ki nivo ou konsène, kontakte yon espesyalis sou sit Documented.info a pou w ka jwenn repons ki gratis epi konfidansyèl. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt