Lapolis Nouyòk ap bay chofè bisiklèt elektrik k ap vyole lwa sikilasyon yo kontravansyon ki nan nivo manda kriminèl. Sa komanse apre yon nouvo règleman ki te antre an vigè nan fen mwa avril la. Kontrèman ak vyolasyon trafik regilye yo — kote moun ka peye amann yo sou entènèt —manda kriminèl la egzije pou moun yo prezante tèt yo nan tribinal kriminèl.
Chanjman sa te lakoz enkyetid ak konfizyon nan mitan chofè bisiklèt elektrik yo. Documented te pale ak William Medina, òganizatè ak lidè nan Los Deliveristas Unidos, pou reponn kesyon sou amann, konvokasyon tribinal, ak dwa w nan tribinal yo.
Kisa ki chanje?
Anvan 28 avril, lè chofè bisiklèt elektrik yo te konn vyole lwa sikilasyon yo, yo te konn jwenn amann pou peye oswa konvokasyon nan tribinal sivil. Nouvo règleman an pèmèt Lapolis Nouyòk bay manda kriminèl pito. Yon manda kriminèl egzije pou moun nan prezante l nan tribinal kriminèl pou l reponn konvokasyon an.
Si w pa prezante w nan konvokasyon nan tribinal kriminèl la, sa ka lakòz jij la bay yon manda pou arete w epi li posib pou w pran prizon. Dosye kriminèl ka gen gwo enpak negatif sou imigran ki gen vizit regilye ak ICE, tankou moun ki gen demann azil k ap trete oswa moun ki te peye yon kosyon epi k ap goumen kont depòtasyon.
Ki vyolasyon nouvo règleman sa a afekte?
Yon pòtpawòl lapolis Nouyòk di Documented ofisye yo kapab bay chofè bisiklèt elektrik yo manda tribinal kriminèl pou enfraksyon sa yo:
- Chofè ki enpridan/danjere
- Chofè k ap kondui anba enfliyans alkòl ak dwòg
- Chofè ki pa kanpe pou limyè wouj
- Chofè k ap kondui nan move sans nan lari a
- Chofè k ap kondui sou twotwa
- Chofè ki pa kanpe nan pano arè yo
Anvan mwa me, pifò nan vyolasyon sa yo ta konn lakòz manda sivil oswa amann. Ak nouvo chanjman sa yo, konsekans yo pi grav epi, si w pa prepare, yo ka menm fè w pran prizon. Men kijan w ka fè diferans ant plizyè kalite tikè Lapolis vil Nouyòk bay chofè bisiklèt elektrik yo.
Manda kriminèl: Tikè koulè woz
Daprè Medina, k ap fè sansibilizasyon nan kominote yo pou edike travayè livrezon yo sou nouvo chanjman règleman an, diferans ant yon tikè trafik ak yon manda kriminèl se koulè tikè yo.
Li di tikè woz yo, se manda kriminèl ki pa ka jere sou entènèt epi ki mande pou moun nan prezante l nan tribinal kriminèl.
Li di nou “kounye a, se tikè woz yo lapolis ap bay plis.” Si yon moun resevwa yon tikè woz, li dwe prezante tèt li nan tribinal kote ensidan an te fèt la. Se pa nan tribinal kote l abite a pou l ale. Sa vle di, si pasaje a te resevwa tikè nan Brooklyn, li dwe ale nan tribinal nan Kings County — k ap endike sou tikè a.
Medina avèti, “Pafwa enfòmasyon ki nan tikè a kapab twoub epi difisil pou wè.” Li ajoute moun yo dwe verifye enfòmasyon ki nan tikè yo a pou evite rate dat tribinal la oswa ale nan move dat. Yo kapab fè sa lè yo vizite sit entènèt sa a: mysummons.nyc.
Manda Sivil: Tikè koulè vèt
(Foto tikè vèt, blan, ak jòn. Koutwazi Los Deliveristas Unidos)
Lapolis Nouyòk bay tikè vèt tou. Tikè sa yo egzije pou moun nan prezante l nan tribinal sivil. Biwo Pwosè Administratif ak Odyans (Office of Administrative Trials and Hearings – OATH) jere ka sivil yo. Lapolis kapab bay tikè sa yo pou vyolasyon tankou lè chofè a pa gen limyè oswa reflektè ki apwopriye epi l pa itilize vwa ki pou bisiklèt yo.
Medina di “nan tèt tikè vèt la li ekri ‘konvokasyon pou parèt pou penalite sivil’ epi pou prezante w nan lokal espesifik ki nan tikè a,”.
W ap jwenn enfòmasyon sou konvokasyon sivil sou sit entènèt yo a nan lyen sa a.
Enfraksyon Sikilasyon: Tikè koulè jòn ak blan
Tikè koulè jòn ak blan yo se menm bagay la epi nan tèt tou de yo ekri ‘tikè sikilasyon’, daprè sa Medina di. “Ou kapab peye tikè blan [ak jòn] yo sou entènèt.”
Ou ka peye tikè trafik sou entènèt si w deklare w koupab epi w antre enfòmasyon lisans chofè a, nimewo tikè a oswa non, dat nesans ak sèks jan li parèt nan tikè a. Egzanp kontravansyon ki lakòz amann se pa mete kas, pa gen klaksòn oswa aparèy siyal, opere yon bisiklèt san etikèt manifakti a, pami lòt bagay. Gade lis konplè a sou 3yèm paj nan dokiman sa a
Dwa pou yon avoka gratis
Medina di lè yon moun deklare li koupab pou yon konvokasyon kriminèl, sa ka gen konsekans grav epi afekte dosye kriminèl moun sa a. Pou rezon sa a, li rekòmande moun ki gen pou prezante nan tribinal mande sèvis entèprèt oswa tradiksyon, kòm lalwa egzije l pou ka kriminèl yo (gade gid nou an sou kijan pou mande youn).
Li te ajoute: “Moun yo gen dwa tou pou yo gen yon defansè piblik ki ka reprezante yo gratis.”
Nan vil Nouyòk, moun ki pa gen mwayen pou peye yon avoka kapab mande yon defansè piblik k ap ba yo reprezantasyon legal gratis atravè youn nan òganizasyon sa yo: The New York Legal Aid Society, Bronx Defenders, Queens Defenders, Neighborhood Defense Service , ak Brooklyn Defenders.
Èske si m deklare m koupab, sa ap gen enpak sou estati imigrasyon m?
Sarah Vendzules, direktè Ekip pou Jistis Imigran nan The Legal Aid Society, fè konnen, yon dosye kriminèl kapab gen enpak negatif sou moun ki gen aplikasyon azil annatant, ki gen vizit regilye ak ICE oswa ki gen dosye an pwosesis nan tribinal imigrasyon.
“Sa ka lakòz yon refi diskresyonè, sitou si moun nan gen anpil vyolasyon ki repete. Dabitid jij imigrasyon yo pi sevè ak moun ki gen dosye kriminèl oubyen ki nan pwoblèm ak lapolis.”
Refi diskresyonè vle di yon jij oswa yon ofisye ICE ka rezone sou lòt faktè pou refize yon ka imigrasyon, tankou dosye ak antesedan kriminèl aplikan an.
Vendzules rekòmande moun ki nan pwosedi imigrasyon yo pou yo konsilte yon avoka imigrasyon anvan yo deklare yo koupab pandan yon odyans nan tribinal kriminèl.