Logo
Jul 25, 2025 | Faye Qiu

EBT ete 2025: Kijan pou w jwenn $120 pou chak timoun pou w fè makèt pandan ete a nan Nouyòk

Men kijan pou w konnen si fanmi w kalifye pou resevwa manje gratis pandan ete sa a.

Kisa ki Summer EBT a?

Summer EBT yo rele tou SUN Bucks, se yon pwogram  asistans alimantè federal Biwo eta Nouyòk pou Asistans Tanporè ak Andikap (OTDA) jere. Pandan sezon ete a kote repa nan lekòl yo pa disponib, pwogram sa bay 120 dola yon sèl fwa pou chak timoun ki gen laj pou al lekòl epi ki kalifye, pou ede fanmi yo achte manje. Kòb la disponib sou yon kat EBT. Ou kapab itilize li nan makèt, nan mache agrikòl, ak nan lòt magazen ki aksepte SNAP.

Pwogram lan te lanse nan vil Nouyòk an 2024, epi li kontinye an 2025. Pèman yo ki kòmanse a pati 18 jen 2025.

Men gid konplè sou pwogram EBT pou ete 2025 lan nan Nouyòk.

Kiyès ki kalifye?

Gen de (2) kritè prensipal pou timoun yo kalifye:

Timoun ki kalifye otomatikman pou benefis yo: Gen kèk timoun ki kalifye otomatikman pou pwogram sa a. Sa se timoun ki gen laj 6 a 16 ane ki te deja ap resevwa SNAP (Pwogram Asistans Nitrisyonèl Siplemantè), Asistans Tanporè, oswa Medicaid nan nenpòt ki moman ant premye jiyè 2024 ak 4 septanm 2025. Li kouvri tou timoun lekòl yo deja sètifye yo dirèkteman pou manje midi gratis oswa a pri redwi pandan ane lekòl 2024-2025 lan.

Nòt Enpòtan: Jis paske yon timoun nan yon lekòl kote tout elèv resevwa manje gratis anba Pwovizyon Elijibilite Kominotè (CEP) a pa otomatikman fè li kalifye pou EBT pandan ete a. Timoun nan dwe satisfè youn nan kritè kalifikasyon espesifik ki mansyone pi wo yo.

Aplike pou benefis yo: Fanmi ki gen timoun ki pa otomatikman kalifye pou EBT pandan ete a kapab toujou aplike pou resevwa benefis yo. Pou yo aplike, yo dwe (1) gen timoun nan yon lekòl ki patisipe nan Pwogram Nasyonal Manje Midi Lekòl la (NSLP)  men ki pa t deja sètifye pou manje gratis oswa a pri redwi. Yo dwe (2) gen yon revni familyal ki anba 185% nan nivo povrete federal la

Gid revni yo se menm ak sa yo itilize pou detèmine kalifikasyon pou manje lekòl gratis oswa a pri redui anba NSLP a. Men gid revni pou aplikasyon EBT pandan ete a:

Gid Revni Familyal Pou Aplikasyon EBT pou Ete a*

Kantite moun ki nan fanmi anSalè chak ane anvan taksSalè pa mwa anvan taks
1$28,953$2,413
2$39,128$3,261
3$49,303$41,109
4$59,478$4,957
5$69,653$5,805
6$79,828$6,653
7$90,003$7,501
8$100,178$8,349
Chak moun adisyonèl$10,175+$848
*Gid revni familyal ki kalifye pou aplikasyon EBT pandan ete soti 1e jiyè 2025 rive 30 jen 2026 

Si w pa sèten si w kalifye ou pa, ou kapab itilize Tablo Kalifikasyon EBT Ete a pou ede w detèmine si pitit ou kalifye. Ou kapab itilize zouti an liy sa a tou pou detèmine kalifikasyon pitit ou.

Kijan pou m aplike pou EBT Ete a?

Timoun ki pa enskri otomatikman nan EBT ete a kapab toujou kalifye lè yo soumèt yon aplikasyon. Peryòd aplikasyon pou EBT ete a ouvè apati 18 jen 2025 rive 4 septanm 2025.

Fanmi yo kapab aplike an liy lè yo vizite https://summerebt.ny.gov. Pou moun ki prefere yon aplikasyon sou papye, ou ka enprime fòmilè a nan diferan lang nan: https://otda.ny.gov/programs/applications/#summer-ebt

Se yon sèl aplikasyon ki nesesè pou chak kay. Li kouvri tout timoun ki kalifye nan fanmi an.

Ki detay benefis EBT pou ete a?

Chak timoun ki kalifye ap resevwa yon sèl peman 120 dola pou ede kouvri depans makèt pandan mwa ete yo. Yo pa depoze benefis EBT pou ete yo sou kat SNAP EBT regilye fanmi yo. Okontrè, chak timoun ki kalifye resevwa yon kat EBT apa pou ete a ki gen non yo, menm si fanmi w deja resevwa SNAP. Kat sa yo sèlman itilize pou benefis EBT pou ete yo epi yo pa lye ak kont SNAP fanmi an. Si pitit ou te itilize yon kat EBT pou ete 2024 la, menm kat sa a pral rechaje pou ete 2025, epi yo p ap voye okenn nouvo kat pa lapòs.

Si w pa gen kat EBT ou te jwenn ete ane pase a ankò epi ou resevwa yon lèt ki di yo pral depoze benefis ou sou kat sa a, tcheke enfòmasyon sou kijan pou w mande yon lòt kat. Si se premye fwa pitit ou kalifye nan pwogram nan, yo pral voye yon nouvo kat EBT pou ete dirèkteman lakay ou.

Distribisyon benefis yo te kòmanse 18 jen 2025, epi l ap kontinye pandan tout ete a. Paske debousman an ap fèt an plizyè faz, se pa tout fanmi k ap resevwa benefis yo an menm tan. Si w poko resevwa pa w la, pa enkyete w — benefis ou a siman poko debouse. Ou ka tcheke balans ou epi jere benefis ou yo sou aplikasyon mobil ebtEDGE (ki disponib sou Google Play Store ak Apple App Store) oubyen sou sit www.ebtedge.com.

Si w pa resevwa benefis pou pitit ou anvan premye out 2025, ou ta dwe kontakte liy asistans EBT pou ete a nan nimewo 1-833-452-0096 pou jwenn asistans. Liy asistans lan ouvè lendi rive vandredi soti 8:30 a.m. rive 8:00 p.m. epi samdi soti 9:00 a.m. rive 3:00 p.m.

Sonje byen benefis EBT pou ete yo ap ekspire 122 jou apre dat yo te bay yo a, kidonk asire w ou itilize yo anvan dat limit la. Aprè sa y ap retire tout benefis ki pa itilize yo sou kat la.

Èske fanmi ki san papye yo kapab aplike pou EBT pou ete a?

Wi, fanmi san papye ka aplike pou pwogram EBT pou ete a nan Nouyòk. Estati imigrasyon yon moun pa afekte kalifikasyon a. aplike pou benefis EBT oswa resevwa EBT pou ete yo pap gen enpak sou sitiyasyon imigrasyon w oswa pitit ou a. Règ chaj piblik la pa aplike pou benefis EBT pou ete yo.

Èske si m resevwa EBT pou ete a sa ap afekte benefis SNAP mwen yo?

Non. Si w resevwa EBT pandan ete a sa p ap afekte okenn lòt benefis nitrisyon fanmi w ap resevwa. Li konsidere kòm sipò adisyonèl yo bay anplis nenpòt lòt benefis ou menm oswa pitit ou yo ka deja ap resevwa.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt