Nan dat 20 janvye 2025 ki se premye jou prezidan Donald Trump repran tèt pouvwa a, administrasyon li an fèmen aplikasyon CBP One nan.Desizyon sa lakòz yo anile anviwon 30,000 randevou migran yo te genyen pandan y ap tann pou yo jwenn aksè pou travèse fontyè a ofisyèlman nan peyi Etazini.
Nan mwa mas 2025, Depatman Sekirite Enteryè (DHS) lanse yon nouvo aplikasyon ki rele CBP Home, ki fèt sitou pou ankouraje imigran iregilye yo deklare volontèman entansyon yo genyen pou yo kite Etazini.
Men sa ou dwe konnen:
- CBP Home se yon aplikasyon mobil U.S. Customs and Border Protection (CBP) kreye pou ankouraje imigran iregilye yo enfòme gouvènman an sou plan yo genyen pou yo kite Etazini volontèman.
- Si w deja anba lòd depòtasyon, sèvi ak aplikasyon CBP Home pou fè gouvènman ameriken an konnen ou gen entansyon kite peyi a pa p anpeche yo bay yon lòd depòtasyon an absans ou si ou pa parèt nan odyans tribinal imigrasyon an. Si ou rate odyans lan, ou ka pa janm kapab rantre Etazini ankò.
- Nenpòt moun ki Etazini epi ki panse sèvi ak aplikasyon CBP Home pou deklare depa li, ta dwe konsilte yon avoka anvan.
- CBP Home pa sèvi pou fè demann azil oswa pwogram imanitè tankou pawòl imanitè.
- Aplikasyon an disponib an anglè, espanyòl, ak kreyòl ayisyen.
- Sèvi ak aplikasyon an se yon chwa pèsonèl. Yo pa egzije imigran iregilye yo sèvi avèk li pou kounye a.
Kisa aplikasyon CBP Home nan ye, epi poukisa w ka itilize l?
CBP Home se yon aplikasyon mobil Gouvènman Ameriken an devlope atravè Ajans Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini. Li fèt pou fasilite aksè ak sèvis ki gen rapò ak imigrasyon epi vwayaj. Youn nan prensipal fonksyon li yo se bouton “Intent to Depart” (depa volontè), ki ankouraje imigran iregilye k ap viv Etazini pou fè gouvènman an konnen yo gen plan pou yo kite peyi a volontèman.
Daprè CBP, yon moun ki pa gen estati legal epi ki itilize fonksyon “Intent to Depart” nan ka benefisye kèk avantaj tankou asistans finansye, sipò pou jwenn dokiman vwayaj ak yon èd $1,000 lè depa a konfime.
Aplikasyon an pèmèt vwayajè yo fè demann alavans pou yon fòmilè I-94 anvan yo rive sou fwontyè ameriken an, sa ki ekspedye pwosesis pou antre Etazini an. Sa ka ede diminye tan moun pase ap tann pandan y ap trete dosye yo.
Chòfè bis yo kapab itilize aplikasyon an pou kreye epi soumèt lis pasaje yo alavans, selon egzijans CBP sou sistèm enfòmasyon pasaje yo dwe bay anvan yo rive (APIS).
Moun k ap rive nan yon ayewopò entènasyonal ka mande pou enspekte kèk bagay yo pote, tankou manje, materyèl biyolojik, bèt domestik, oswa soulye yo te mete pou travay nan jaden osnon pou al bay zanimo manje.
Kiyès ki ka itilize aplikasyon CBP Home nan, epi ki kote ou ka telechaje li?
Aplikasyon CBP Home nan gratis, epi li disponib pou tout moun ki gen yon telefòn oswa yon tablèt.
Ou ka telechaje CBP Home sou Apple App Store oswa Google Play.
Ki diferans ki genyen ant CBP Home ak CBP One?
CBP One se te yon aplikasyon moun k ap vwayaje, moun k ap chèche azil, ak antrepriz te itilize pou pran randevou sou fwontyè a epi jere lòt demach pou antre nan peyi a. Moun ki t ap chèche antre Etazini pou rezon imanitè atravè fwontyè sid peyi a te sèvi ak li. Aplikasyon an te pèmèt itilizatè yo suiv istorik vwayaj I-94 yo, verifye estati dosye imigrasyon yo, epi jwenn sèvis ladwàn pou aktivite komèsyal yo.
Administrasyon Trump lan te fèmen CBP One nan mwa janvye 2025 epi li te mete sou pye yon nouvo aplikasyon, CBP Home, kòm pati nan yon gwo refòm nan fason yo aplike epi jere politik imigrasyon yo. Refòm sa a chanje jan yo itilize resous yo, tankou lajan, pèsonèl ak ekipman, ansanm ak priyorite yo, pou yo mete mwens aksan sou aksè a pwogram imanitè ak chemen legal pou evite migrasyon iregilye, epi plis sou ranfòsman lalwa ak depòtasyon.
Aplikasyon CPB One nan sible moun ki deja Etazini, espesyalman moun ki pa gen papye, e li sitou la pou ankouraje moun sa yo depòte tèt yo.
Ki dokiman oswa enfòmasyon imigran dwe soumèt pou yo ka itilize aplikasyon CBP Home nan ?
Moun ki ap itilize aplikasyon CBP Home nan — tankou moun ki vle soumèt yon Entansyon pou Kite Peyi a — dwe bay enfòmasyon sa yo:
- Non ak siyati
- Dat nesans
- Sèks
- Nimewo telefòn
- Peyi kote yo gen sitwayènte
- Peyi yo prale
- Nimewo dosye imigrasyon (si sa aplike)
Aplikasyon an ap mande itilizatè a pou li pran epi telechaje yon foto tèt li (selfi) ki byen klè ak kamera telefòn li.
Èske m ka soumèt dokiman imigrasyon m yo atravè aplikasyon CBP Home lan?
Non. Aplikasyon CBP One nan ki te pèmèt moun ki iregilye soumèt enfòmasyon alavans oswa pran randevou pou antre atravè fwontyè yo sid peyi a, sispann fonksyone depi 20 janvye 2025.
Kounye a, aplikasyon CBP Home lan la pou lòt objektif. Si w vle soumèt dokiman imigrasyon oswa pran randevou pou antre nan fwontyè a, aplikasyon CBP Home nan pa sipòte fonksyon sa yo.
Ou dwe vizite sitwèb U.S. Customs and Border Protection oswa kontakte yon avoka imigrasyon pou w jwenn pwosedi ki ajou ak lòt metòd ki disponib.
Kijan aplikasyon an jere enfòmasyon biyometrik oswa foto?
Aplikasyon an aksepte sèlman foto figi w ou pran dirèkteman ak kamera telefòn ou.
Èske CBP Home obligatwa pou imigran san papye Etazini ?
Non, aplikasyon CBP Home nan pa obligatwa pou imigran san papye Etazini. Se yon zouti sèvis Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini (CBP) mete disponib pou moun ki vle sèvi avè l. Li fèt pou fasilite moun ki chwazi kite peyi a volontèman, sou pwòp inisyativ pa yo.
Menmsi aplikasyon an ofri kèk avantaj pou moun ki chwazi depòte tèt yo, li pa obligatwa ditou. Moun san papye yo pa oblije legalman itilize CBP Home, e deside pa sèvi ak aplikasyon an pa lakòz ou resevwa okenn sanksyon.
An reyalite, si w deja nan pwosedi depòtasyon, itilize aplikasyon CBP Home pou fè gouvènman ameriken konnen ou gen entansyon kite peyi a pap anpeche yo mete yon avi depòtasyon an absans ou si w pa prezante w nan odyans tribinal imigrasyon an. Si w rate odyans ou, sa ka fè ou pèdi chans pou retounen Etazini nan lavni.
Piske se yon sitiyasyon konplike e ki gen anpil konsekans legal, imigran san papye yo ta dwe konsilte yon avoka imigrasyon kalifye anvan yo pran desizyon pou depòte tèt yo oswa itilize aplikasyon CBP Home nan.
Nan ki lang aplikasyon CBP Home lan disponib?
Kounye a, aplikasyon CBP Home lan disponib an Anglè, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen.
Èske m ka itilize CBP Home pou m aplike pou azil oswa pawòl imanitè?
Non ou paka itilize app la pou aplike pou azil oswa pawòl imanitè nan Etazini.