Logo
Jul 18, 2025 | Faye Qiu

Timoun yo ap jwenn manje gratis sezon ete sa a divès kote nan vil Nouyòk

Fanmi nan Vil Nouyòk yo ka jwenn dejene ak manje midi gratis nan plizyè santèn kote atravè vil la

Pou ete sa a, tout timoun nan vil Nouyòk ki poko gen 18 lane kapab jwenn manje gratis e ki bon pou sante nan lekòl, pak, bibliyotèk ak kamyon k ap distribiye manje yo (Food trucks an anglè). Yo pap mande w pou w idantifye w, pa gen enskripsyon, epi pa gen kesyon sou estati imigrasyon okenn moun. 

Pwogram nan ap dewoule soti 27 jen pou rive 29 dawout 2025, epi li ouvè pou tout moun.

Men sa fanmi imigran yo dwe konnen sou kijan pou yo jwenn manje gratis nan katye yo rete yo.

Kisa pwogram repa gratis sezon ete vil Nouyòk la ye?

Pwogram Repa Gratis Sezon Ete a se yon sèvis pou tout vil la ki bay dejene ak manje midi gratis pou tout timoun ak adolesan ki gen pou pi plis, 18 lane, pandan tout sezon ete a. Objektif la se pou asire pa gen okenn timoun nan vil Nouyòk ki soufri grangou pandan lekòl fèmen.

Ki moun ki ka resevwa repa sa yo?

Chak timoun ak adolesan ki gen 18 lane oswa mwens ka resevwa repa, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo, nivo revni fanmi yo, oswa kote yo rete. Pa gen okenn demann pyès idantite, enskripsyon, oswa okenn dokiman.

Kilè e ki kote repa yo disponib?

Pwogram nan ap dewoule apati Jedi 27 Jen pou rive Vandredi 29 dawout 2025, li bay repa lendi pou rive Vandredi, eksepte Vandredi 4 Jiyè. Dabitid orè repa yo soti 8:00 a.m. pou rive 9:15 a.m. pou dejene, epi 11:00 a.m. pou rive 1: 15 p.m. pou manje midi.

Timoun yo ka resevwa repa nan plizyè santèn kote nan tout senk awondisman yo, tankou lekòl piblik, pak vil yo, pisin ak bibliyotèk.

Pou w jwenn yon lokal ki tou pre w, antre awondisman w, distri lekòl ou, adrès oswa kòd postal ou ansanm ak distans ou vle a. Epi, ou kapab wè lis konplè Lokal Repa Sezon Ete yo oswa tcheke lis ki gen Lokal Repa Halal Sezon Ete  yo pou w jwenn opsyon ki satisfè bezwen fanmi w.

Kamyon k ap distribiye manje  yo disponib nan plizyè pak ak zòn ki gen anpil trafik. Yo ofri manje midi chak jou soti 10:00 a.m. pou rive 4:00 p.m. pandan lasemèn, epi soti 10:00 a.m. rive 3:00 p.m. pandan wikenn yo.

Men kèk lokal kamyon k ap distribiye repa yo abitye estasyone:

  • Sara D. Roosevelt Park nan Manhattan (Chrystie Street & Forsyth Street)
  • Antre Parkside ak Ocean Avenue nan Prospect Park nan Brooklyn (Parkside & Ocean Avenue)
  • Haffen Park nan Bronx (Ely Avenue & Hammersley Avenue, tou pre teren bezbòl la ak teren baskètbòl yo)

Ki kalite repa yo ofri?

Repa yo bon pou sante, yo adapte pou timoun, epi yo fèt pou sipòte byennèt timoun yo. Anpil kote ofri opsyon halal tou.

Klike anba la a pou wè meni konplè pou chak lokal:

Èske pa gen risk pou imigran san papye yo itilize pwogram sa a?

Pa gen okenn verifikasyon estati imigrasyon, epi yo pa kolekte okenn enfòmasyon pèsonèl. Timoun yo pa bezwen montre pyès idantite oswa enskri nan yon lekòl. Pwogram nan ouvè epi li akeyan pou tout moun.

Kijan m ka pran avantaj de lokal ki bay manje pandan sezon ete a si mwen pa pale oswa li anglè?

Si w pa pale oswa li anglè, toujou gen mwayen fasil pou w lokalize kote ki bay manje gratis pandan sezon ete a. Ou ka rele 311, di lang ou pale a (pa egzanp, kreyòl ayisyen, chinwa, arab, bengali, ris, oswa panyòl), epi yon tradiktè ap ede w jwenn enfòmasyon ou bezwen yo. Sitwèb Repa Gratis Sezon Ete nan vil Nouyòk la pèmèt ou chanje lang paj la tou anwo sou bò dwat.

Anplis de sa, lekòl yo, bibliyotèk yo, ak sant kominotè yo gen anplwaye ki ka ede w jwenn opsyon manje ki nan zòn ou. Lang pa ta dwe janm yon baryè pou pitit ou jwenn aksè a manje.

Kèlkeswa kote ou soti oswa ki sitiyasyon ou ye, chak timoun nan vil Nouyòk merite aksè a manje ki bon pou sante sezon ete sa a. Pwogram Repa Gratis Pandan Sezon Ete a la pou sipòte fanmi nan tout kominote yo san poze kesyon. Pataje nouvèl la bay zanmi, vwazen, ak manm kominote a pou okenn timoun pa rete grangou sezon ete sa a.

Si w gen plis kesyon sou sijè sa a epi ou vle konnen nan ki nivo ou konsène, kontakte yon espesyalis sou sit Documented.info a pou w ka jwenn repons ki gratis epi konfidansyèl. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt