Logo
Jul 17, 2025 | April Xu and Nancy Chen

Fòmasyon pou travay pou imigran Nouyòk yo

Devlopman konpetans pwofesyonèl ede imigran etabli yo Etazini. Men kèk resous nan Nouyòk ki ka ede imigran jwenn travay.

Dirijan nan vil ak eta Nouyòk bay sèvis ak resous pou ede rezidan yo -imigran ladan l tou- amelyore konpetans yo pou yo ka jwenn travay.

Men yon lis pwogram ak òganizasyon gouvènmantal ki bay fòmasyon espesyalman pou kominote imigran yo.

Depatman Sèvis pou Ti Antrepriz (SBS) Vil Nouyòk yo

Depatman Sèvis pou Ti Antrepriz vil Nouyòk la ofri anons travay, fòmasyon pwofesyonèl, devlopman karyè ak lòt sèvis nan Vil Nouyòk.

Sant Travay Workforce1: Sant sa a ofri anons travay gratis, evènman rekritman ak resous pou rechèch travay, atelye sou kijan pou fè CV w epi prepare w pou entèvyou ak fòmasyon pwofesyonèl. Sèvis yo disponib sou entènèt ak an pèsòn.

Sèvis yo disponib pou moun ki abite nan Vil Nouyòk, ki gen 18 ane pou pi piti, epi ki kalifye pou travay legalman Etazini. Ou ka pran yon randevou lè w ranpli fòm sou entènèt la, oswa vizite sant karyè Workforce1 ki pi pre w nan kat jewografik sa a.

Access Training: pwogram sa a bay edikasyon ak eksperyans pou ede w jwenn yon nouvo travay oswa ede w avanse nan karyè w. Pwogram nan ofri fòmasyon pou okipasyon ki an demand tankou swen sante, konstriksyon, ak analiz done. Fòmasyon sa disponib nan divès lokal atravè vil la.

Voye yon imèl bay training-02@sbs.nyc.gov oubyen vizite sit entènèt yo pou plis enfòmasyon sou egzijans yo.  

Career Discovery NYC: Pwogram sa a ofri yon repètwa opòtinite pwofesyonèl nan endistri ki an demand. Yo bay enfòmasyon sou kijan pou w chèche travay, dekouvri plis enfòmasyon sou endistri a, epi jwenn fòmasyon gratis sou entènèt pou ede w antre nan endistri ou chwazi a.

Pwogram eta Nouyòk pou imigran ki gen gwo konpetans yo

Pwogram sa a Eta Nouyòk finanse, elaji sèvis rechèch travay pou imigran ki trè kalifye yo gras ak fòmasyon pwofesyonèl epi plasman travay gratis. Se yon fason pou ede nouvo imigran yo jwenn travay ki koresponn ak konpetans ak eksperyans yo. Sèvis yo gen ladan yo: konsèy karyè pwofesyonèl ki pran an konsiderasyon divèsite kiltirèl; fòmasyon espesifik nan endistri a, tankou preparasyon pou fòmasyon teknik oswa pwofesyonèl oswa pou renouvle lisans; ak sipò rechèch travay, ki gen ladan l pwosesis evalyasyon kalifikasyon.

Pou w kalifye pou sèvis sa yo, ou pa dwe gen plis pase dizan depi w ap viv Etazini. Ou dwe gen yon nivo konpetans anglè entèmedyè oswa avanse. Ou dwe abite nan Eta Nouyòk, epi ou dwe gen yon otorizasyon travay ak yon viza oswa youn nan estati ki nan lis sa a.

Imigran yo kapab jwenn asistans pou rechèch travay tou nan Office for New Americans (Biwo pou Nouvo Ameriken). Konseye pwofesyonèl òganizasyon an disponib nan vil Nouyòk nan Upwardly Global, 505 8th Ave., Suite 1100, New York, NY 10018. Epitou yo kapab rele liy asistans New Americans nan 800-566-7636, ki fonksyone soti 9:00 a.m. rive 8:00 p.m., lendi jiska vandredi.

Resous fòmasyon pwofesyonèl pou moun k ap chèche azil

Anpil nan resous fòmasyon pwofesyonèl gratis nan Vil Nouyòk mande pou patisipan yo gen otorizasyon pou travay legalman Etazini. Men, vil Nouyòk te anonse an mas li t ap etabli Biwo Operasyon pou Moun k ap Chèche Azil (OASO) pou ede moun k ap chèche azil ki rive nan Vil Nouyòk enstale yo vit epi pou yo jwenn resous ki gen rapò ak travay, lekòl, ak plis ankò.

Nan plan sa a, vil la asosye avèk Inivèsite Eta Nouyòk nan Sullivan (SUNY Sullivan) sou yon pwogram pilòt pou bay fòmasyon pwofesyonèl ak lojman pou moun k ap chache azil k ap tann pèmi travay. Pwogram nan bay fòmasyon sou mendèv pou 100 imigran pandan y ap avanse nan pwosesis otorizasyon travay federal la.

Make the Road New York ofri sètifikasyon pou moun ki nan domèn fè manje ak pwogram fòmasyon pwofesyonèl nan domèn sante pou manm pwogram nan e menm pou moun ki pa manm. Pwogram yo gen ladan yo fòmasyon 17 semèn Bridge to Health Careers, fòmasyon bianyèl pou travayè sante kominotè yo, ak fòmasyon Sètifikasyon pou moun ki nan domèn kizin nan Brooklyn ak Queens. Klike la a pou plis enfòmasyon epi pou ranpli yon aplikasyon an liy.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt