Logo
Jun 20, 2025 | Ralph Thomassaint Joseph

Kijan imigran yo kapab jwenn entèprèt nan tribinal Etazini yo

Si w se yon imigran ki pa pale anglè byen, ou gen dwa pou w jwenn yon entèprèt nan tribinal. Jeneralman, sèvis sa a gratis.

Men sa w dwe konnen:

  • Tribinal ameriken yo gen obligasyon pou yo bay entèprèt nan pifò ka kriminèl ak sivil yo.
  • Nan Eta Nouyòk, entèprèt tribinal yo disponib gratis.
  • Si w se yon imigran ki bezwen entèpretasyon, ou dwe mande pou yon entèprèt pi bonè w kapab.
  • Sèvis entèpretasyon yo kouvri langaj vèbal yo epi lang siy ka ladan l tou pou moun ki soud yo.
  • Entèprèt yo disponib pou odyans nan tribinal, jijman, ak lòt sèvis ki gen rapò ak tribinal yo.

Ki dwa m genyen pou m gen yon entèprèt nan tribinal?

Lalwa federal ekzije pou tribinal yo bay sèvis entèpretasyon pou moun ki pa pale anglè oswa ki gen pwoblèm pou tande. Lwa sou Entèprèt nan Tribinal la mande pou yo sèvi ak entèprèt ki sètifye oswa ki kalifye nan ka kriminèl ak sivil gouvènman federal la inisye.

Nan eta Nouyòk, Sistèm Tribinal Inifye a ofri sèvis entèpretasyon gratis nan pwosedi ki nan Tribinal Fanmi, Kriminèl, Sivil, Lojman, Surrogate ak Tribinal Siprèm. Chak pati ki nan tribinal yo ka gen dwa a sèvis sa a tankou akize, temwen ak viktim yo.

Kouman pou m mande yon entèprèt nan Nouyòk?

Si w Nouyòk epi w bezwen yon entèprèt nan tribinal, anonse tribinal la sa pi bonè ou kapab. Ou kapab fè sa plizyè fason:

  • Mande avoka w la pou l mande yon entèprèt nan tribinal la pou ou.
  • Fè yon grefye tribinal la konnen ou bezwen entèpretasyon lè w depoze dosye a.
  • Mansyone ou bezwen yon entèprèt depi premye jou ou prezante w nan tribinal la.
  • Rele tribinal la anvan odyans ou an, epi mande kijan pou w mande yon entèprèt. 

Si w bezwen asistans, ou kapab rele Biwo Sèvis Entèpretasyon Tribinal la nan (646) 386-5670 oswa voye yon imèl bay Courtinterpreter@nycourts.gov.

Ou kapab kontakte yo pa lapòs tou nan:

NYS Unified Court System
Division of Professional and Court Services
Office of Language Access
25 Beaver Street, 7th Floor
New York, NY 10004

Ki fòm entèpretasyon yo bay?

An jeneral, tribinal yo bay entèpretasyon an pèsòn, pa telefòn, oswa atravè videyo, selon lang lan ak disponiblite entèprèt yo. Sèvis yo kapab gen ladan yo:

  • Entèpretasyon pandan odyans ak jijman yo.
  • Entèpretasyon pandan entèraksyon yon moun ak anplwaye tribinal yo.
  • Tradiksyon dokiman (nan kèk ka).

Nan Nouyòk, tribinal yo ofri entèpretasyon nan plis pase 100 lang, tankou Chinwa, Kreyòl Ayisyen ak Panyòl.

Kisa pou m fè si m gen yon pwoblèm ak yon entèprèt?

Si w gen enkyetid konsènan sèvis entèpretasyon anvan oswa pandan yon pwosedi ki nan tribinal, soulve pwoblèm nan imedyatman ak jij la oswa yon ofisye nan tribinal la. Sa ap pèmèt tribinal la adrese pwoblèm nan sou plas epi evite malantandi oswa reta nan dosye w la.

Si w pa kapab soulve enkyetid la pandan odyans lan oswa jijman an, kontakte Biwo Aksè Lang nan Sistèm Tribinal Inifye Eta Nouyòk la pi bonè ou kapab. Pou w fè sa, voye yon imèl nan: interpretercomplaints@nycourts.gov  oswa ou ka rele nan (646) 386-5670.

Ou kapab depoze yon plent tou lè w ranpli Fòmilè Plent pou Aksè Lang an liy la oswa ou kapab enprime l, ranpli l epi voye l bay adrès imèl: interpretercomplaints@nycourts.gov, oswa ou ka voye l pa lapòs nan adrès:

NYS UCS Office of Language Access
25 Beaver Street, 7th Floor
New York, NY 10004

Biwo a ap reponn plent ou a nan anviron 60 jou aprè yo resevwa l. 

Èske menm règ yo aplike nan tribinal imigrasyon?

Tribinal Imigrasyon yo, ki fè pati Biwo Egzekitif pou Revizyon Imigrasyon (EOIR) Depatman Lajistis Etazini an, bay moun ki pa konpetan nan lang anglè epi ki nan pwosedi pou depòtasyon yo entèprèt gratis.

Dapre EOIR, tribinal la ap fè aranjman pou entèpretasyon pou odyans jeneral yo ak odyans endividyèl yo. An jeneral, ou pa bezwen mande yon entèprèt alavans, tribinal la ap ba w youn nan lang ou prefere a. EOIR itilize entèprèt salarye, entèprèt sou kontra ak sèvis entèpretasyon nan telefòn. Tout entèprèt yo dwe prete sèman pou entèprete epi tradui avèk presizyon, jan règleman federal yo mande yo.

Èske yo bay entèprèt pou entèvyou azil afimatif?

Pa nesesèman.

Depi 13 septanm 2023, sèvis imigrasyon Etazini (USCIS) mande pou moun ki aplike pou azil yo vini ak pwòp entèprèt pa yo si yo pa pale anglè byen oswa si yo vle fè entèvyou azil yo nan yon lòt lang.

USCIS pa bay sèvis entèpretasyon vèbal ankò. Men, entèprèt lang siy yo toujou disponib kòm yon akomodasyon pou moun andikape. Pou w mande yon entèprèt lang siy, suiv enstriksyon ki nan avi entèvyou w la oswa rele Sant Kontak USCIS la nan 800-375-5283.

Si w pa vini ak yon entèprèt, oswa si entèprèt la pa pale anglè ak lang pa w la byen, epi w pa kapab bay yon bon rezon pou sa, USCIS ka konsidere ou pa respekte obligasyon w pou prezante w nan entèvyou a epi aplikasyon w lan ka anile.

Entèprèt ou a dwe:

  • Genyen 18 lane pou pi piti
  • Pale anglè ak lang pa w la byen
  • Yon moun ki pa avoka w oswa reprezantan akredite w, ki pa yon temwen k ap temwaye pou ou, yon reprezantan oswa anplwaye gouvènman peyi w, oswa yon moun ki gen yon aplikasyon azil ki an antant ki poko fè entèvyou.

Sepandan, ou pa bezwen anplwaye yon entèprèt pwofesyonèl oswa menm peye pou youn, daprè avoka imigrasyon Jason Dzubow.

“Si w gen yon zanmi oswa yon manm fanmi w ki satisfè kondisyon ki anwo yo, moun sa a kapab sèvi kòm entèprèt ou.” Se sa li ekri sou blòg li a, The Asylumist. “An reyalite, pou pifò nan ka mwen jwenn yo kote moun nan bezwen yon entèprèt, yo sèvi ak yon manm fanmi oswa yon zanmi (menm si li pwobableman pi bon pou w pa itilize yon fanmi pwòch, tankou yon mari oswa madanm, timoun oswa frè ak sè)”.

Plis resous pou asistans legal ak sipò lang

Si w bezwen asistans legal ak sipò lang nan lòt pwosesis ki pa nan tribinal, anpil òganizasyon nan Nouyòk kapab ede w. Yo souvan gen anplwaye ki pale plizyè lang oswa sèvis entèpretasyon ki disponib. Men kèk ladan yo:

Ou gen plis kesyon sou sijè sa a ak kijan li konsène w? Kontakte yon espesyalis Documented.info pou w jwenn repons gratis ak konfidansyèl. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt